Accessibility links

Breaking News

Opinyon Konseye Depatman Deta Thomas Shannon sou Pwosesis Elektoral la Ann Ayiti


Konseye Depatman Deta Thomas Shannon (Foto Achiv).-
Konseye Depatman Deta Thomas Shannon (Foto Achiv).-

Konseye Depatman Deta ameriken an, Thomas Shannon, bay Lavwadlamerik yon entèvyou kote li pale de yon vizit li te fè ann Ayiti sa pa gen lontan. Misye Shannon di li pat ale nan peyi a pou l te pote yon solisyon pou kriz politik peyi a ap travèse depi kèk tan deja; men pito pou l te eksprime enterè Etazini nan pwosesis elektoral la. Diplomat la espere negosyasyon Prezidan Michel Martelly ap fè ak opozisyon an va debouche sou yon antant pou eleksyon yo kapab dewoule avèk patisipasyon tout sektè.

Nouvèl Ayiti -Madi 11 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:38 0:00
Direct link

Yon lòt kote, plizyè òganizasyon nan Sosyete Sivil la lanse apèl bay Prezidan Martelly pou mande l fè negosyasyon serye ak pati politik opozisyon an pou wete peyi a nan kriz la. Oganizasyon yo fè demand sa a nan moman 6 pati politik rejte envitasyon Misye Martelly te lanse ba yo pou yo rankontre avèk li nan dat mèkredi 12 novanm 2014 la, pou yon chita-pale sou òganizasyon eleksyon yo. Pati politik sa yo (Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), Fusion Socio Demokrat, Pati Fanmi Lavalas, Kontra Pèp la, Inite ak Pati Ayisyen pou Ayiti) di yo anfavè negosyasyon e yo fè yon kont-pwopozisyon kote yo mande Prezidan Martelly fòme yon komisyon ki pou chita ak opozisyon an avan yo kòmanse negosye ak Prezidan an li menm.

Prezidan Michel Martelly fè konnen l ap mete yon mesaj devan pèp ayisyen an anvan fen mwa novanm nan apre li va fin revize rekòmandasyon lòt pati politik ak sosyete sivil la mete devan l sou fason yo kwè kriz la kapab jwenn yon solisyon.

Anfen, reprezantan Òganizasyon Pèp Kap Lite (OPL) nan vil Okay denonse nominasyon yon seri ansyen manm Biwo Elektoral Kominal (BEK) nan depatman Sid peyi a, ki te jwenn revokasyon yo nan enstitisyon elektoral la pou rezon moun pat konnen. Yon manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) fè konnen tout manm BEK yo satisfè kondisyon ki nesesè pou yo okipe pòs sa yo.

XS
SM
MD
LG