Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap Selebre Jou Veteran yo


Yon gwoup ansyen sòlda ameriken (veteran) fè "pour le salut" nan yon seremoni ki dewoule nan Ganizon Yongsan nan, prensipal katye-jeneral lame amerikèn nan nan Kore di Sid. (Foto: Madi 11 novanm 2014).
Yon gwoup ansyen sòlda ameriken (veteran) fè "pour le salut" nan yon seremoni ki dewoule nan Ganizon Yongsan nan, prensipal katye-jeneral lame amerikèn nan nan Kore di Sid. (Foto: Madi 11 novanm 2014).

Jounen Madi 11 novanm 2014 la se jou ansyen konbatan yo Ozetazuni. Gouvènman ameriken an ak pèp la mete sou pye anpil pwogram pou make jou sa a; pami pwogram sa yo gen yon gwo konsè kap dewoule nan kapital federal peyi a, Washington DC.

Obsèvatè yo atann aske 800 mil moun reyini sou yon gwo plas piblik yo rele Mall Nasyonal la, ki kòmanse devan lokal kongrè ameriken an pou l fini dèyè palè prezidansyèl la, La Mezon Blanch, kote yo pral asiste yon konsè espesyal òganizatè yo batize “Konsè pou Selebre Kouraj”. Pami patisipan yo ap genyen vedèt tankou lejand mizik Rock and Roll Bruce Springsteen, chantez stil mizik rhythm and blues Rihanna, gwo vedèt mizik Country Carrie Underwood, ak yon òkès popilè ki rele Metalicca.

Oganizatè yo vle sèvi ak konsè sa a pou yo atire atansyon sou travay oganizasyon ki la pou yo ede ansyen konbatan yo lè yo fin kite sèvis militè a. An fèt, li konn difisil pafwa pou ansyen manm lame Lèzetazini yo jwenn yon travay aprè yo kite sèvis aktif pou yo retounen nan vi sivil la. Youn nan konpayi ki vini ak yon pwogram pou l sèvi veteran yo, se konpayi otomobil Toyota ki lanse yon inisyativ kote li bay ansyen manm lame yo priyorite lè lap rekrite nouvo anplwaye.

XS
SM
MD
LG