Accessibility links

Breaking News

Lalmay Selebre 25èm Anivèsè Ranvèsman Mi Bèlen an.


Foul moun (alman ak vizitè) ki te resanble nan dat 9 novanm 2014 la pou make 25èm anivèsè ranvèsman Mi Bèlen an.
Foul moun (alman ak vizitè) ki te resanble nan dat 9 novanm 2014 la pou make 25èm anivèsè ranvèsman Mi Bèlen an.

Peyi Lalmay selebre, nan jounen dimanch 9 novanm 2014 la, 25èm anivèsè ranvèsman Mi Bèlen an avèk yon fèt san parèy kote popilasyon an enstale limyè tou patou nan vil re-inifye a. Pami moun ki patisipe nan fèt sa a, nou jwenn Christian Bergman ki te grandi nan pati lès vil la sou rejim kominis-la e ki gen nan men li yon pati nan istwa evennman an, sètadi yon moso wòch ki te sòti nan Mi Berlen an. Misye Berman te wete ak kout-mato ak sizo sa genyen egzagteman 25 kan. Christian Bergman di :

« Lè mi an te tonbe a, mwen te gen 18 tan. Sete yon bagay vrèman enkwayab, paske mwen te apèn kòmanse ap viv pwòp vi gran-moun mwen. Mwen pat janmn espere yon jou nan vi m, mwen ta kapab kite peyi a. E vwala toudenkou, mi an te tonbe e pòt lemond te ouvè pou mwen… »

Tout kalite selebrasyon te dewoule pandan jounen dimanch la pou onore memwa tout viktim rejim kominis la ni nan peyi Almay de Lès, ni nan lòt peyi ki te fè pati blòk sovyetik la. Nan okazyon an, chanselye alman an, Angela Merkel, ki te pase anfans ak jenès li ann Almay de Lès, fè yon diskou kote li di selebrasyn sa yo lanse yon mesaj klè ki gen eko li nan le mond antye. Madam Merkel deklare:

« Le fèt ke mi an te tonbe a, se yon prèv ki montre nou rèv kapab tounen reyalite. Anyen pa ka rete san chanjman, kèlkeswa wòtè baryè ak barikad yo drese devan nou. Nou vle pataje eksperyans sa a ak patnè nou yo atravè lemond. »

Ansyen lidè Lunyon Sovyetik, Mikhail Gorbatchev –ki te jwe yon gwo wòl nan efò ki te fèt pou mete fen nan lagè frèt la-- te prezan nan seremoni sa a. An 1987 li te byen resevwa mesaj sa a ki te nan mitan yon diskou defen Prezidan ameriken Ronald Reagan te pwononse devan Mi Bèlen an menm, pou l te mande kolèg sovyetik li a pase lòd pou fè elimine mi an. Misye Reagan te deklare :

“Misye Gorbachev, men-yè kraze mi sa a, non.”

Nan seremoni Misye Gorbachev asiste nan jounen dimanch la, li lanse bay lemond yon avètisman kote li di se posib pou yon lòt lagè frèt devlope ankò. Misye Gorbachev di:

« Lemond twouve l jounen jodi a nan bouch yon lòt lagè frèt. Gen moun kap di lagè sa a deja kòmanse. »

Sepandan, plizyè dizèn milye moun vil Bèlen pa montre yo gen okenn krent pou yon lòt gè frèt kòmanse ; paske, nan jounen dimanch la, yo te mete ansanm ak yon bann ak yon pakèt vizitè pou yo selebre sa yo rele « inite » ak « libète ».

XS
SM
MD
LG