Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon/Rankont. Opozisyon an Rejte yon Lòt Envitasyon Prezidan Martelly


Ann Ayiti, 6 prensipal pati politik nan opozisyon an (Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), Fizyon Sosyo-Demokrat yo, Pati Fanmi Lavalas, Kontra Pèp la, Inite ak Pati Ayisyen pou Ayiti), rejte yon 2èm envitasyon Prezidan Michel Martelly te lanse pou yo patisipe nan yon seri konsiltasyon pouvwa egzekitif la mete sou pye pou rezoud kriz politik la. Pati sa yo atire atansyon sou le fèt ke lèt envitasyon Prezidan Martelly a mande pou yo chita-pale sou dewoulman eleksyon yo. Men yo mete devan lidè ayisyen an yon kont-pwopozisyon ki mande fòmasyon yon komisyon ki ta fè avèk yo kèk diskisyon preparatwa avan negosyasyon sou eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti - Lendi 10 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:12 0:00
Direct link

Analis politik yo, tankou Avoka Camille Edouard, panse diskisyon yo pa ta dwe dewoule sou eleksyon sèlman, men tou sou lòt pwoblèm peyi a ap konfwonte. Mèt Edouard di lidè opozisyon an te gen enterè sote sou okazyon an pou yo rankontre ak Prezidan Martelly dekwa pou lidè ayisyen an pa sèvi ak refi yo a kòm yon pretèks, kòmkwa se yo menm ki anpeche kriz la debloke.

Anfen, Premye Minis Laurent Lamothe resevwa "Pri Lidè ki pi Kreyatif Amerik Latin nan ak Karayib la pou ane 2014 la." Se òganizasyon "Latin Trade Group" (ki rasanble divès òmdafè ak chèf antrepriz nan rejyon an) ki bay chèf gouvènman ayisyen an distenksyon sa a. Msye Lamothe di li aksepte pri a nan non pèp ayisyen an e li ankouraje biznisman ayisyen ki nan dyaspora a kontinye fè pwomosyon non sèlman pou yo menm, men tou pou etranje al envesti e kreye travay ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG