Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon sou Pwogram Nikleyè Iranyen an ap Kontinye nan Oman

(De goch a dwat): Minis Afè Etranjè iranyen an, Javad Zarif, Chèf Diplomasi Inyon Ewòp la, Catherine Ashton, Minis Afè Etranjè Oman nan, Yussef bin Alawi, ak Sekretè Deta ameriken an, John Kerry. (Foto: nan vil Muscat, Oman, 9 novanm 2014).

Lendi 10 novanm 2014 la se 2èm jounen chita-tande ant Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, minis afè etranjè iranyen an, Javad Zarif, ak chèf diplomasi Inyon Ewop la, Catherine Ashton, sou posibilite yon akò global ak Teheran sou pwogram nikleyè iranyen an. Negosyasyon san pran souf sa-yo te kòmanse dimanch 9 novanm nan nan peyi Oman nan moman dat-limit peyi konsène yo genyen pou yo jwenn yon antant sou kesyon an ap pwoche e aprè kèk nan patisipan yo te sipoze kite Oman.

Nan yon entèvyou Prezidan Barack Obama bay nan televizyon nan jounen dimanch la, li fè konnen negosyatè yo poko prèt pou jwenn yon antant sou dosye nikleyè iranyen an, alòske yo genyen fen mwa novanm nan pou yo jwenn yon akò. Rankont Oman nan se pi bon chans administrasyon Obama a genyen pou l ankouraje pati konsène yo jwenn antant yap chache a anvan Pati Repibliken an pran kontwòl tou lè 2 chanm Kongrè Lèzetazini an, alòske lidè repibliken yo pa tèlman kwè loksidan ka jwenn yon antant ak Iran.

XS
SM
MD
LG