Accessibility links

Breaking News

Peken - Premye Etap Yon Toune Prezidan Obama ann Azi


Prezidan Xi Jinping ak madanm li, Peng Liyuan, ap swete Prezidan Obama (agoch) byenveni nan yon bankè nan Peken, kapital Lachin nan kad Somè Ekonmik Azi-Pasifik la. (Foto: 10 novanm 2014).
Prezidan Xi Jinping ak madanm li, Peng Liyuan, ap swete Prezidan Obama (agoch) byenveni nan yon bankè nan Peken, kapital Lachin nan kad Somè Ekonmik Azi-Pasifik la. (Foto: 10 novanm 2014).

Prezidan Barack Obama pran lapawòl devan delege kap patisipe nan yon somè peyi-manm Asosyasyon Ekonomik Azi-Pasifik la (abreje anglè: APEC) kap dewoule nan kapital Lachin nan, Peken, kote li di òmdafè ak antreprenè ki te prezan yo Lèzetazini pran yon angajman dyanm pou l envesti e fè echanj komèsyal ak kontinan azyatik la.

Prezidan Obama te debake byen bonè lendi maten nan kapital Lachin nan kote lap rete pandan tout tan somè a pral dire a, sètadi 3 jou. Daprè otorite ameriken yo, rankont sa a se yon mwayen pou patisipan yo tabli règleman ki nesesè pou yo evite konfli nan rejyon an, pandan yap fè pwogrè nan domèn komèsyal la, eksplorasyon pozitif entènèt la ak lit kont chanjman klimatik yo. Pandan Misye Obama tap pale ak yon gwoup òmdafè ak envestisè, li anonse yon politik tou nèf kote Washington pral ofri yon nouvo tip viza kap fè I vin pi fasil pou sitwayen chinwa etidye e travay Ozetazini. Viza etidyan kounye la yo valab pou yon lane, tandiske nouvo tip viza yo pral valab pou 5 kan; viza pwofesyonèl kounye la yo valab pou 5 kan, men nouvo tip viza yo pral valab pou 10 zan.

Prezidan ameriken an pwofite pou l fè pwomosyon pou yon plan Lèzetazini genyen pou 12 manm ki fòme Asosyasyon Azi-Pasifik la. Se yon plan ki pwovoke gwo pawòl-anpil, paske Lachin pa ladan n; o kontrè, li ka fè konkirans ak plan Peken genyen pou l tabli yon zòn lib echanj sou kontinan azyatik la. Sepandan, Prezidan Obama ensiste sou enpòtans kowoperasyon ekonomik ant Washington ak Peken. Lidè ameriken an di:

“Nou genyen pou n kontinye travay tout tan pou nou ranfòse echanj komèsyal bi-lateral nou yo ak envestisman kap fèt ant 2 peyi nou yo.”

Pwogram vizit Prezidan Obama a nan Peken prevwa yon dine pi ta nan jounen lendi a avèk kòlèg chinwa li a, Xi Jinping, e ak lòt lidè peyi-manm Asosyasyon Azi-Pasifik la, anvan li asiste yon show fe-datifis. Lidè ameriken an pral kite Lachin mèkredi pou li ale nan 2èm peyi ki sou program toune azyatik li a, an palan de Bimani, kote li pral asiste 2 somè peyi azi oryantal yo anvan li pran direksyon peyi Ostrali kote li gen pou l patisipe nan Somè G-20 an.

XS
SM
MD
LG