Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Felisite Pati Repibliken an Pou Viktwa 4 Novanm nan


Prezidan Obama pandan li tap pale ak laprès mèkredi 5 novanm 2014 la, pou l te bay opinyon li sou eleksyon mi-manda ane sa a.
Prezidan Obama pandan li tap pale ak laprès mèkredi 5 novanm 2014 la, pou l te bay opinyon li sou eleksyon mi-manda ane sa a.
Prezidan Barack Obama deklare, avèk eleksyon mi-manda ki dewoule madi 4 novanm 2014 la, pèp ameriken an voye yon mesaj pou l di : “Nou vle pou òm politik yo travay di menm jan nou menm, nap travay di a, pou yo reyalize travay yo genyen pou fè pou peyi a ».

Lidè Lèzetazini an pale konsa nan yon konferans pou laprès li bay nan La Mezon Blanch mèkredi apre-midi apre eleksyon yo fin bay Pati Repibliken an kontwòl tou 2 chanm Kongrè a grasak viktwa yo ranpòte nan Sena a ki te anba men Demokrat yo, epi ogmantasyon kantite syèj yo te genyen nan Chanm Depite a.

Prezidan Obama di pa gen dout sou sa, sware madi a te bèl anpil pou Pati Repibliken an e li felisite lidè Repibliken yo ni nan Chanm Reprezantan an, ni nan Sena a. Daprè Misye Obama, avèk rezilta sa a kote pèp la bay Republiken yo yon gwo majorite nan Kongrè a, sitwayen yo fè konnen yo pa kwè Washington ap fonksyone byen e se li mnem, Prezidan Obama, yo rann responsab pou sa an tanke chèf Mezon Blanch la. Li kontinye pou l di li vle travay ak Repibliken yo pandan 2 zan li rete pou l pase sou pouvwa a e li envite yo mete ajenda yo devan l, paske li dispoze pran an konsiderasyon sa yo gen pou yo di. Prezidan Obama di:

« Objektif nimewo 1 mwen --puiske mwen pa pral patisipe nan eleksyon ankò ; mwen pap kandida ankò; mwen pa genyen lòt anbisyon politik--, eben, premye objektif mwen se bay bon rezilta pou pèp ameriken an otan ke m kapab pandan 2 zan mwen rete pou m pase sou pouvwa a. »

Pou sa k konsènen youn nan plan administrasyon Obama a genyen sou ajanda l e ki pwovoke gwo deba nan Kongrè a depi kèk tan -an palan de plan refòm nan sistèm imigrasyon an- lidè ameriken an deklare li pral kontinye avanse ak pwojè refòm sa a epi eseye jwenn yon antant final sou sa ak Kongrè a anvan fen ane a. Sepandan, si lidè repibliken yo pa deside leve pye yo pou fè dosye a avanse, li pral pase alaksyon pou kont li, paske peyi a pa kapab ap tann tout tan. Prezidan Obama di :

« Map gade kote m gen otorite pouvwa egzekitif la ban mwen pou m aji e nou pral kòmanse travay sou sa. Men, mwen vle ensiste pou n di si, an reyalite, lidè repibliken yo vle nou genyen yon lwa sou imigrasyon, yo genyen kapasite kounye a pou yo adopte lwa sa a. Mwen espere yo va tanmen diskisyon sou sa avèk mwen e ak lidè demokrat yo nan 2 chanm Kongrè a. Se yon lwa mwen vle ko-patwone, paske li pran an konsiderasyon veritab preokipasyon popilasyon an; daprè mwen, pi vit nou travay sou kesyon sa a, se pi bon sa ap ye. »

Bò Kote pa l, pwochen lidè majorite nan Sena a, Mitch McConnell, di li dispoze travay ak pouvwa egzektif la sou dosye imigrasyon an, men sa pral mande anpil chanjman nan fason Prezidan Obama te abode kesyon an jiskela. Senatè McConnel deklare:

« Nou pral fè diskisyon sou mwayen pou n avanse sou dosye sa a. Men mwen ka pale klè pou m di mwen byen konnen pèp ameriken an genyen anpil bagay li pa renmen nan pwojè refòm gouvènman an. »

Prezidan Barack Obama lanse apèl tou bay Kongrè ki la kounye a toujou pou mande l adopte lwa sou bidjè federal la anvan sezon fèt kap tanmen mwa pwochen an. Li anonse li pral mande Kongrè a vote plis lajan pou kore efò kap fèt pou Lèzetazini pote kontribisyon li nan konba kont maladi Ebola epi li mande palmantè yo ba li plis otorite pou l sèvi ak fòs zame Lèzetazini an pou l lite kont Gwoup Eta Islamik la.

XS
SM
MD
LG