Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Enpòtan pou Ajanda Prezidan Obama pou Lèzetazini


Elektè ameriken yo prale nan biwo de vòt pandan jounen madi 4 novanm 2014 la pou yon eleksyon ki, daprè previzyon analis yo, pral bay Repibliken yo kontwòl tou 2 chanm Kongrè a; se la premyè fwa sa ta fèt nan 10 zan, si sa rive fèt vrèman. Yon senaryo konsa kapab pare chemen an pou plis deba politik dewoule ant lidè Kongrè a ak prezidan demokrat peyi a, Barack Obama, pandan 2 zan li rete pou l pase sou pouvwa a.

Pati repibliken an ki, daprè sa obsèvatè yo panse jeneralman, se pati ki pi konsèvatè Ozetazini an, deja kontwole chanm bas la ki genyen 435 manm; e yo byen kapab ajoute plizyè syèj sou kantite yo deja genyen an, ki se 233 plas. Yo byen plase tou pou yo pran majorite a nan Sena a ki genyen 100 manm e kote demokrat liberal yo genyen yon majorite 55 kont 45 anvan eleksyon 4 novanm madi a. Elektè yo ap vote pou tou lè 435 plas chanm bas la.

Prezidan Obama, ki te ranpòte yon 2èm manda an 2012, fè konnen menmsi li pa kandida nan eleksyon sa a, elektè yo ap vote sou politik li yo. Mitch McConnell, lidè minorite a nan gran kò a, twouve l nan yon gwo konkirans pou l jwenn re-eleksyon kòm senatè Eta Kentucky. Sepandan, misye pale pou l di li gen konfyans pèp la pral voye l tounen nan Kongrè a. Misye McConnell deklare :

« Mwen santi sant viktwa nan lè a. E nan sware jounen madi sa a, nou pral mete men sou mayòl la. »

Majorite sondaj yo montre pi fò elektè yo pa kontan ak politik Prezidan Obama yo; yo pa apresye direksyon li pran ak bak peyi a. Frank Newport, kap travay pou òganizasyon sondaj Gallup, bay pozisyon li nan deklarasyon sa a :

« Mwen kapab di, pami pi gwo bagay ki bay sitwayen ameriken yo pwoblèm ak tèt-chaje ane sa a, an premye pozsiyon nou jwenn ekonomi an ak mank travay. »

Eleksyon mi-manda sa yo gen gwo enpòtans pou Prezidan Obama. Se konsa li pa janm rate yon okazyon pou l lanse apèl bay ameriken yo e mande yo bliye sa espesyalis yo di nan sondaj yo, epi sòti al vote. Prezidan Obama deklare :

« Lespri sinik ak dout pat voye pèsonn sou lalin. Lespri sinik ak dout pat mete fen nan okenn lagè. Sa pa janm geri yon maladi ; sa pa janm bati yon biznis ; Sa pa bay okenn moun manje… Lespri sinik ak dout se yon chwa; men genyen yon lòt chwa ki pi bon toujou pase sa : se espwa, se esperans pou chanjman. »

Sepandan listwa pa bò kote prezidan an. Chak prezidan ki jwenn 2 manda o Zetazini toujou genyen pou yo fè fas ak yon mank popilarite ki lakoz pati yo a pèdi kèk plas nan Kongrè a lè eleksyon mi-manda ap dewoule. Barack Obama pa reprezante yon eksepsyon, e sa kapab nui efò kandida demokrat yo fè atravè tout peyi a swa pou yo ranpòte yon eleksyon, swa pou yo jwenn yon re-eleksyon. Repibliken yo byen konprann sitiyasyon sa a; se konsa, pa egzanp, Mike Duncan, yon ansyen prezidan komite nasyonal Pati Repibliken an, montre yon optimism --menmsi se yon optimism limite-- pandan lè tap pwoche pou eleksyon an kòmanse. Misye Duncan di:

“Kous elektoral sa yo –espesyalman kous pou Kongrè a-- se kous kap dewoule o nivo lokal ; e fwa sa a nou genyen kèk bon kandida. Mwen panse nou genyen bon jan van nan vwa l nou. Men batay la poko fini; nou pa ka prese kriye gany anvan konba a fini.”

Misye Duncan ajoute Repibliken yo te fè tout sa yo kapab pou eleksyon mi-manda ane sa a reprezante yon referandòm sou Prezidan barack Obama ak politik li yo ki pa tèlman nan gou majorite sitwayen ameriken yo.

XS
SM
MD
LG