Accessibility links

Breaking News

Konseye Depatman Deta Ameriken, Thomas A Shannon, Rankontre PM Laurent Lamothe


Konseye Depatman Deta Thomas A. Shannon
Konseye Depatman Deta Thomas A. Shannon

Ann Ayiti, Konseye Depatman Deta ameriken, Thomas A. Shannon, rankontre Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, pou diskite sou pwosesis elektoral la. Yon nòt ki soti nan Primati a fè konnen chèf gouvènman an eksplike diplomat la dispozisyon Prezidan Michel Martelly pran pou òganize eleksyon kredib e transparan ak patisipasyon tout sektè pou evite yon vid enstitisyonèl apre 12 janvye 2015. Dapre nòt la, Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap tann amandman lwa elektoral la pou òganize pwochen eleksyon yo ke pouvwa egzekitif la ranvwaye.

Bò kote pa l, Konseye Depatman Deta a, Thomas A. Shannon, di li konstate pwogrè ki fèt nan peyi a pandan 3 dènye ane yo nan domèn rekonstriksyon ak devlopman. Msye Shannon di Etazini apiye seri konsiltasyon prezidan Michel Martelly kòmanse nan objektif pou jwenn yon dat definitif pou dewoulman eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti -vandredi 31 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:15:01 0:00
Direct link

Msye Shannon te rankontre prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, ak yon gwoup senatè pou l pale sou enpòtans vòt pou amande lwa elektoral la. Kòm repons, reprezantan gwoup 6 senatè opozisyon an eksplike diplomat la yo pa kapab amande lwa elektoral Novanm 2013 la si yon seri kondisyon pa reyini-tankou aplikasyon atik 289 konstitisyon 1987 la ki mande pou KEP gen reprezantan 9 sektè olye reprezantan 3 pouvwa yo. Diplomat la rankontre tou menm jedi 30 oktòb la reprezantan 3 pati politik nan opozisyon an, Konvansyon Inite Demokratik (KID), Fusion Socio-Demokrat yo ak Òganizasyon Pèp k ap Lite ( OPL). Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la ( MOPOD) pat resevwa envitasyon pou patisipe nan rankont la. Delegasyon ameriken an pa fè okenn deklarasyon piblik apre seri rankont sa yo.

Yon lòt kote, prezidan ayisyen an, Michel Martelly, k ap kontinye vizit li sou kontinan ewopeyen an fè chita pale ak Prezidan franse a François Hollande. Lidè ayisyen an gen pou l rankontre Òm Dafè franse yo epi vizite Fort de Joux, fòtrès kote Toussaint Louverture, youn nan ero endepandans Ayiti, te jwenn lanmò li 7 avril 1803.

Avan msye Martelly te rive nan vil Pari li te vizite Almay e li rankontre ofisyèl peyi sa a; pami yo, chanselye alman Angela Merkel. Chèf leta a te rankontre manm Chanm Komès vil Hambourg la pou eksplore posibilite pou antreprenè alman al envesti ann Ayiti.

Sou plan politik lokal, lidè ayisyen an fè konnen l ap rekòmanse seri konsiltasyon yo apre li retounen nan peyi a. Msye Martelly deklare seri konsiltasyon yo ap pran fen nan mitan mwa Novanm nan, e l ap mete yon mesaj devan pèp ayisyen an apre li finn revize ak konseye l yo pwopozisyon diferan sektè fè l sou fason yo kwè kriz la kapab rezoud.

Yon lòt kote, yon milye militan pou pipiti manifeste jedi 30 oktòb la nan Pòtoprens pou mande liberasyon tout moun fòs de lòd yo te arete nan manifestasyon anti gouvènmantal vandredi 17 ak dimanch 26 oktòb la. Antretan, nouvèl ki soti nan peyi dAyiti fè konnen responsab yo transfere nan 2 prizon diferan Biron Odigé ak Timothée Rony, 2 manm opozisyon an, ki te fèmen nan sant detansyon komin Kafou a.

Pou devlopman nouvèl sa yo ak lòt kliké sou lyen ki nan mitan atik sa a.

XS
SM
MD
LG