Accessibility links

Breaking News

Nouvo Livrezon Zam Aviyasyon Kowalisyon an pou Konbatan Kud yo nan Siri


Lafimen ap monte nan syèl la apre yon atak nan Kobané, nan Siri, pandan yon batay ant Kud Siryen yo ak militan gwoup Eta Islamik la. (Foto: 19 oktòb 2014).
Lafimen ap monte nan syèl la apre yon atak nan Kobané, nan Siri, pandan yon batay ant Kud Siryen yo ak militan gwoup Eta Islamik la. (Foto: 19 oktòb 2014).

Lame amerikèn nan fè konnen avyon kago kowalisyon an fè livrezon zam, minisyon ak pwovizyon medikal pou konbatan kud kap lite kont gwoup Eta Islamik la nan pati nò Siri –zam ak pwovizyon ki sòti bò kote otorite kud irakyen yo.

Daprè yon deklarasyon kòmandman santral lame Lèzetazini an pibliye, avyon yo lage pwovizyon sa yo byen ta dimanch 19 oktòb la nan zòn ki alantou vil Kobané ; objektif la se pèmèt konbatan yo gen sa yo bezwen pou yo kontinye lite pou anpeche vil la tonbe anba men militan islamik yo.

Anvan sa e toujou nan jounen dimanch la, prezidan peyi Tuki a, Recep Tayyip Erdogan, te fè konnen peyi li pap voye zam bay konbatan kud yo paske, daprè li, mesye sa yo se menm bagay ak konbatan Pati PKK a (swa Pati Travayè Kidistan ki nan Tiki a) e ni Lèzetazini, ni gouvènman tuk la konsidere pati sa a kòm yon òganizasyon teworis.

Nan Washington, kèk otorite wo-plase nan administrasyon Obama a fè konnen prezidan ameriken an te mete prezidan Erdogan o-kouran operasyon kote avyon yo ta pral fè livrezon zam ak pwovizyon yo.

XS
SM
MD
LG