Accessibility links

Breaking News

Nijerya/Politik: Negosyasyon ant Gouvènman an ak Gwoup Militan Boko Haram


Manifestan nan Nijerya kap pwoteste pou mande retou anviwon 200 jèn-fi militan Boko Haram te kidnape. Pannkat la di: "Mennen pititfi nou tounen. Tan an ap fin pase."
Manifestan nan Nijerya kap pwoteste pou mande retou anviwon 200 jèn-fi militan Boko Haram te kidnape. Pannkat la di: "Mennen pititfi nou tounen. Tan an ap fin pase."

Nouvèl ki sòti nan peyi Nijerya fè konnen gwoup militan Boko Haram ak gouvènman an ap fè negosyasyon sou liberasyon plis pase 200 jèn-fi gwoup la le kidnape sa gen 6 mwa ak yon posib seselfe nan yon goumen ki deja koze lanmò plizyè milye moun.

Daprè yon pòtpawòl prezidan nijeryan an, Jonathan Goodluck, ak yon nèg ki prezante tèt li bay Lavwadlamerik, jedi 16 oktòb 2014 la, kòm secrete jeneral BOKO Haram, negosyasyon yo ap dewoule nan Arabi Sawoudit avèk medyasyon diplomat peyi Tchad ak Kamewoun.

Youn nan reprezantan Boko Haram yo, ki rele David Ahmadou e ki twouve l nan Arabi Sawoudit, fè konnen ti medam yo twouve yo nan yon bon kondisyon sante e anyen pa rive yo.

XS
SM
MD
LG