Accessibility links

Breaking News

Meksik/Vyolans : Manifestan Konfwonte Lapolis nan Eta Guerrero


Manifestan avèk foto kèk nan stidyan ki disparèt yo. (Guadalajara, 8 oktòb 2014).
Manifestan avèk foto kèk nan stidyan ki disparèt yo. (Guadalajara, 8 oktòb 2014).

O Meksik, manifestan nan Eta Guerrero dechouke prensipal biwo gouvènman an lendi 13 oktòb 2014a ; sa vin ranfòse yon mouvman pwotestasyon ki sou pye poutèt plizyè douzèn etudyan te disparèt mwa pase a. Plizyè santèn moun kraze fenèt e yo mete dife nan biwo piblik yo nan vil Chipancingo, aprè anplwaye yo te deja kite biwo yo pou jounen an.

Se dènye an dat nan yon seri de manifestasyon pèp la mete sou pye pou denonse disparisyon plis pase 43 etidyan lekòl nòmal Siperyè moun pa wè depi yo te tonbe nan lese-frape ak lapolis nan vil Iguala. Otorite yo poze arestasyon 22 ajan-polis omwen ak plizyè manm gang nan yon afè ki makònen lapolis ak aktivite krim òganize.

Moun pa wè tras etidyan yo depi yo te disparèt nan dat 26 septanm 2014 la. Otorite yo ap fè tès ADN pou konnen si kèk kadav yo te jwenn nan yon fòs komin semèn pase a nan vil Iguala, se kadav etidyan yo.

XS
SM
MD
LG