Accessibility links

Breaking News

Relasyon Etazini-Ayiti : Sekretè Deta Kerry Resevwa Premye Minis Lamothe.


Premye-Minis ayisyen an, Laurent S. Lamothe, rankontre jedi 9 oktòb 2014 la nan Washington avèk Sekretè Deta ameriken an, John Kerry. Chèf diplomasi Lèzetazini an pwofite okazyon an pou l di se ak gwo satisfaksyon li resevwa chèf gouvènman ayisyen an ki, daprè sa l di, “se yon bon zanmi e yon patnè” nan efò kap fèt pou leve defi ki devan Ayiti jounen jodi a –“defi ki pa piti akoz tranblemanntè 2010 la ak nesesite pou Ayiti fè pwogrè sou wout demokrasi a."

Sekretè Deta a ajoute:

“Gen travay ki rete pou fèt; tou espesyalman, jan nou konnen sa, gen defi tankou nesesite pou n kontinye ak pwogram òganizasyon eleksyon lokal e lejislatif yo osito posib. Se pou n kapab fikse yon dat pou eleksyon yo dewoule epi òganize yo yon fason pou n konplete travay tranzisyon an ann Ayiti. Malerezman gen aksyon politik ki anpeche travay sa a fèt jounen jodi a."

Misye Kerry kontinye pou l di li te pale ak Prezidan Michel Martelly sa pa gen lontan e lap travay avèk li etwatman sou dosye devlopman peyi d Ayiti a. Li ensiste sou nesesite pou palman an montre kowoperasyon li omwen sou dosye elektoral la.

“Rezistans sa a ak mank volonte pou kite pèp la gen yon eleksyon an se, a la verite, yon bagay ki pote defi pou pwogrè ak devlopman peyi a. Nou dwe genyen yon gouvènman kap fonksyone totalman.”

Sekretè Deta John Kerry fè Premye Minis Lomothe konnen li ta renmen vizite Ayiti anvan lontan. Chèf gouvènman ayisyen an di li swete Misye Kerry reyalize vwayaj sa a nan mwa janvye 2015 la nan okazyon 5èm anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

XS
SM
MD
LG