Accessibility links

Breaking News

Atak Aviyasyon Militè Lèzetazini sou Pozisyon Militan Islamik yo nan Siri


Gwo lafimen kap monte nan syèl vil Kobani, nan Siri, nan moman goumen yo ap ogmante ant militan islamik yo ak konbatan kud yo. (Foto AP/Lefteris Pitarakis, madi 7 oktòb 2014)
Gwo lafimen kap monte nan syèl vil Kobani, nan Siri, nan moman goumen yo ap ogmante ant militan islamik yo ak konbatan kud yo. (Foto AP/Lefteris Pitarakis, madi 7 oktòb 2014)

Nan Siri, atak moun sispèk aviyasyon militè Lèzetazini lanse, frape yon ti vil tou prè fwontyè peyi a ak Tuki kote sòlda kud yo ap eseye bloke avans militan islamik yo depi kèk semèn deja. Atak sa yo, ki fèt byen bonè madi 7 oktòb 2014 la, frape kèk zòn tou prè vil Kobani kote batay kap dewoule oblije plizyè santèn milye moun kouri al pran refij nan Tuk

Obsèvatwa dwa moun siryen an, ki baze nan la Grand Bretay, fè konnen konfwontasyon yo ogmante pandan nuit la kote militan islamik yo rive mete men sou plizyè building ki nan pati sid vil la. Si konbatan yo fin pa pran kontwòl total Kobani, sa tap ba yo an menm tan kontwòl yon gwo pati nan rejyon ki sou fwontyè Siri ak Tuki.

XS
SM
MD
LG