Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Prezidansyèl o Brezil / Viktwa Prezidan Dilma Rousseff


Prezidan Brezil la, Dilma Rousseff, kandida Pati Travayè a, ki tap pale ak yon foul patizan dimanch 5 oktòb 2014 la.
Prezidan Brezil la, Dilma Rousseff, kandida Pati Travayè a, ki tap pale ak yon foul patizan dimanch 5 oktòb 2014 la.

O Brezil, prezidan an plas la, Dilma Rousseff, sòti premye nan eleksyon ki dewoule dimanch 5 oktòb 2014 la; men li pa ranpòte majorite absoli ki ta pèmèt li evite yon 2èm tou mwa pwochen an. Madam Rousseff, ki gen apui klas travayè a, ranpòte 42 pou san vwa yo, tandiske prensipal rival li a, kandida Pati Sosyal Demokrat la, Aecio Neves, pase men pran preske 32 pousan.

Prezidan Rousseff genyen yon popilarite relatif ki se yon sòt de woulib sou bèl akèy pèp la te fè pwogram sosyal predesesè li a, Luiz Ignacio da Silva, alyas Lula, ki te popilè anpil-anpil e ki te pase 2 manda sou pouvw a. Aprè anons rezilta yo, prezidan sòtan an te pale ak yon foul patizan. Madam Rousseff di :

“Estimab zanmi ak kanmarad mwen yo,

Yon fwa ankò pèp brezilyen an onore mwen avèk konfyans li lè l ban m viktwa sa a nan premye tou a. Pou nou menm, nan Pati Travayè a, se 7èm viktwa nou: nou te ranpòte 2 avèk premye eleksyon Prezidan Lula a; 2 pandan 2èm eleksyon Prezidan Lula a; 2 pandan premye eleksyon m nan, epi sa jodi a pou premye tou vòt pou re-eleksyon mwen ane sa a.”

Ansyen minis anviwonnman an, Marina Silva, okipe 3èm pozisyon an nan rezilta yo. Nouvèl yo fè konnen youn nan rezon ki fè l vini lwen konsa dèyè Madam Rousseff, se yon kanpay elektoral negatif prezidan an plas la mennen kont li –se kanpay elektoral ki pi lèd e pi agresif moun janm wè o Brezil depi peyi a te retounen nan demokrasi sa gen 30 tan.

XS
SM
MD
LG