Accessibility links

Breaking News

Manifestan nan Hong Kong Mande Demisyon Administratè Jeneral Zile a.


Lapolis ap eseye deplase yon manifestan ki pran pozisyon devan antre lokal biwo administratè jeneral Hong Kong nan, Leung Chun-ying. Foto: 2 oktòb 2014.
Lapolis ap eseye deplase yon manifestan ki pran pozisyon devan antre lokal biwo administratè jeneral Hong Kong nan, Leung Chun-ying. Foto: 2 oktòb 2014.
Nouvèl ki soti Hong Kong fè konnen pèp souvren kontinye pran lari pou yo reklame refòm demokratik sou il-la e yo menase pou yo okipe plizyè biwo leta si administratè jeneral Peken mete an plas la, Leung Chun-ying, pa bay demisyon n jedi 2 oktòb 2014 la menm. Manifestan yo ki, an majorite se elèv ak etudyan – bay misye Leung jiska minui, lè lokal, pou l kite pòs li, e yo deja pran pozisyon devan lokal biwo l la nan vil Hong Kong. Si manifestan yo rive okipe lokal biwo leta yo, sa tap reprezante yon gwo evolisyon nan mouvman-pwotestasyon yo a nan moman dè milye e dè milye de jèn deja kanpe nan prensipal ri piblik yo depi vandredi pase a.

Administratè jeneral la pa bay okenn siyn ki ta montre li gen plan pou l bay demisyon n ; li menm refize rankontre ak yon delegasyon manifestan yo ki pa kontan ditou deske gouvènman chinwa a refize kite eleksyon lib, onèt e demokratik dewoule nan Hong Kong an 2017.

Nan Washington, minis afè etranjè chinwa a, Wang Yi, kap vizite Lèzetazini, leve lavwa pou l di manifestan yo ap mennen yon mouvman ilegal e li lanse avètisman bay administrasyon Obama a ak lòt gouvènman nan lemond pou l di yo pinga yo antre nan zafè prive Lachin. Misye Wang lanse avètisman sa a aprè li te rankontre ak kòlèg ameriken li, Sekretè Deta John Kerry ki, li menm, fè konnen li gen gwo espwa otorite yo nan Hong Kong pral montre bon jan retni e respekte dwa manifestan yo genyen pou yo egzèse libète endividyèl yo san okenn baboukèt.

XS
SM
MD
LG