Accessibility links

Breaking News

Nan Hong Kong Pèp Souvren Kontinye Manifeste pou Mande Demokrasi


Manifestan pran beton an nan Hong Kong
Manifestan pran beton an nan Hong Kong
Nan Hong Kong popilasyon an pran beton an pou yon 5èm jounen youn aprè lòt e yo menase pou yo kontinye yon kanpay dezobeyisans sivil si lidè zile-a pa satisfè egzijans yo fè pou otorite yo reyalize refòm demokratik.

Vrèmanvre, plizyè dizèn milye manifestan pran lari nan o-mwen 4 gwo katye nan Honk Kong byen bonè madi 30 septanm 2014 la, sètadi yo defye lòd otorite yo lanse pou moun bay lari yo blanch. Nan yon deklarasyon tou kout gwoup manifestan yo pibliye, yo fè konnen yo pral anonse mèkredi plan yo genyen pou suit mouvman leve-kanpe sa a si lidè Honk Kong nan, Leung Chun-ying, pa satisfè demand yo -- pami demand sa yo genyen egzijans pou Misye Leung bay demisyon n.

Sepandan, jiskaprezan Leung Chun-Ying pa bay okenn siyn ki ta montre li pare pou l bay manifestan yo satisfaksyon. Nan yon diskou li fè nan kòmansman jounen madi a, li lanse apèl bay lidè pwotestasyon an pou l mande yo kite mouvman sa a tonbe.

Pandansetan anpil rezidan lokal fè konnen yo apiye desizyon plizyè milye elèv ak etidyan pran pou yo pa ale lekòl pandan tout semèn nan yon fason pou yo patisipe nan mouvman demokratik sa a. Se pwotestasyon ki pi serye kap dewoule nan Hong Kong depi Peken te pran kontwòl zile a nan men La Grand Bretay an 1997.

XS
SM
MD
LG