Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Barack Obama devan Asanble Jeneral l’ONU an pou Sesyon 2014 la - Kòmantè.


Prezidan Obama nan 69èm sesyon Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an. (Katye jeneral l'ONU, New York, 24 septanm 2014).
Prezidan Obama nan 69èm sesyon Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an. (Katye jeneral l'ONU, New York, 24 septanm 2014).

Prezidan ameriken an, Barack Obama mete devan asanble jeneral Òganizasyon Nasyon Zini an, nan jounen mèkredi 24 septanm 2014 la, yon mesaj ki te santre, antwòt, sou monte vyolans teworis nan Mwayen Oryan an (ak yon aksan sou menas Gwoup Eta Islamik la nan Siri ak Irak), sou konpòtman Larisi vizavi peyi vwazen Ikrèn, ak eklatman epidemi Ebola a nan pati lwès kontinan Afriken an.

Prezidan ameriken an deklare « lemond ap balanse ant lagè ak lapè », men li pran angajman pou l demanbre « rezo lanmò » ki rele Eta Islamik la e kap simaye dezas akk latèrè nan Pwòch Oryan an.

« Gwoup Eta Islamik la fèt pou l demanbre e finalman disparèt. Gwoup sa a ap simaye laterè toupatou kote li pase nan Irak an nan Siri. Manman, sè, jèn fi, yo tout viktim vyòl gwoup la itilize kòm zam lagè. Militan li yo touye timoun inosan anba koutzam. Yo jete kadav pa bann e pa pakèt nan fòs komin. Yo lage minorite relijye yo nan grangou jouskaske yo mouri. Yo komèt krim pi efrayik moun kapab imajine : yo koupetè tè kretyen-vivan inosan epi yo pibliye videyo ki montre zak fewòs sa yo pou choke konsyans lemond. Pa gen okenn dye ki mande moun komèt zak konsa nan non li. »

Lidè Ameriken-an di li pa pral kite okenn gwoup menase sekirite Lèzetazini ak alye li-yo e pou sa li pap pèmèt yo viv an sekirite.

« Nou pa pral tolere abri sur pou teworis, menm jan nou pap aji kòm yon puisans kap okipe lòt peyi. Nou pral pran dispozisyon kont moun ki menase sekirite nou ak sekirite alye nou yo pandan nap jete baz yon kowoperasyon anti-teworis. »

Prezidan Obama di Lèzetazini ap rete yon patnè « konstriktif e ki respekte alye li » nan lit kont militan Eta Islamik la. Men li egzòte mizilman yo pou yo rejte ideyoloji ki pèmèt gwoup tankou Eta Islamik la pran nesans.

Kòmantè Pwofesè Frantz A. Leconte nan mikwo Lyonel Desmarattes sou mesaj Pezidan Obama nan l'ONU 9/24/14
please wait

No media source currently available

0:00 0:22:15 0:00
Direct link

Analis politik Frantz Antoine Leconte di nou mesaj prezidan Barack Obama mete te santre antwòt, sou monte vyolans teworis nan Mwayen Oryan an (ak yon aksan sou menas Gwoup Eta Islamik la nan Siri ak Irak), sou konpòtman Larisi vizavi peyi vwazen Ikrèn, ak eklatman epidemi Ebola a nan pati lwès kontinan Afriken an. Misye Leconte konsidere mesaj sa a kòm yon apèl yon lidè mondyal responsab lanse bay kominote entènasyonal la pou yo montre solidarite ki nesesè pou rezoud gran pwoblèm ki poze nan lemond nan kòmansman 21èm syèk la. Klike sou lyen anlè a pou w tande kòmantè Pwofesè Leconte ki reponn kesyon Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG