Accessibility links

Breaking News

Atak Ayeryen Lèzetazini ak 5 Peyi Arab sou Pozisyon Militan Islamik yo nan Siri.


Bato de gè USS Philippine Sea lanse yon misil Tomahawk sou pozisyon militan islamik yo nan Siri pandan li te nan Lanmè Arabik la (Foto: 23 Septanm 2014).
Bato de gè USS Philippine Sea lanse yon misil Tomahawk sou pozisyon militan islamik yo nan Siri pandan li te nan Lanmè Arabik la (Foto: 23 Septanm 2014).

Aviyasyon militè Lèzetazini ak yon gwoup 5 peyi arab kòmanse atake pozisyon militan Islamik yo nan peyi Siri. Daprè yon deklarasyon ki sòti nan Kòmandman Santral Lame Amerikèn nan, 14 atak ki fèt pandan nannuit la fè dega ou byen detwi enstalasyon ki nan 4 rejyon nan pati lès Siri –pami yo genyen prensipal baz gwoup Eta Islamik la nan vil Raqqa.

Menm deklarasyon an presize avyon militè peyi Katar, Arabi Sawoudit, Lajòdani, Barèn ak Emira Arab Ini te swa patisipe nan atak yo, swa pote apui lojistik bay operasyon an ki frape kan antrènman, katye jeneral militan yo ak yon sant finansye.

Obsèvatwa siryen an, ki baze nan vil Lond, ann Angletè, fè konnen atak sa yo touye oubyen blese plizyè dizèn militan. Pòtpawòl Pentagòn nan, lyetnan-kolonèl Jeff Pool (yon ofisye mèrin ameriken) fè Lavwadlamerik konnen operasyon an te gen ladan n avyon konba, avyon bonbadye, avèk bato de gè ki lanse misil pandan yo sou lanmè. Lyetnan-kolonèl Pool di:

“Mwen kapab konfime Lame amerikèn ak fòs militè kèk peyi zanmi ap lanse yon aksyon militè kont militan Eta Islamik la nan Siri --aksyon kote nou itilize yon melanj avyon konba, avyon bonbadye ak misil Tomahawk.”

Reyaksyon sou Operasyon Militè sa a:

Gouvènman ostralyen an pa pèdi tan pou l di li byen akeyi kòmansman atak ayeryen Lèzetazini ak kèk peyi arab lanse sou pozisyon Eta Islamik la nan Siri. Dayè, byen anvan atak yo te kòmanse, Ostrali te anonse lap pote apui militè li bay operasyon sa a nan kad efò entènasyonal ki sou pye pou bloke pwogrè militan islamik yo nan Siri ak Irak. Premye minis ostralyen an, Tony Abbott --ki pran lapwòl devan palman an byen bonè nan jounen madi 23 septanm 2014 la-- fè konnen efò entènasyonal sa a nesesè pou fè fas ak menas Eta Islamik la poze. Chèf gouvènman ostralyen an deklare:

“Se yon pwoblèm mondyal ki poze la a. Genyen plizyè santèn sitwayen britanik kap goumen bò kote gwoup teworis yo nan Mwayen Oryan an; genyen plizyè santèn sitwayen fransè; dè santèn e dè santèn moun ki sòti nan Azi di Sidès, kap goumen bò kote gwoup teworis sa yo nan Mwayen Orayan an. Moun sa yo, se moun ki radikalize, ki sibi lavaj-sèvo e ki kapab tounen teworis potansyèl nan pwòp peyi yo.”

Premye Minis Abbott pwomèt peyi li pral mete 600 sòlda a la dispozisyon sa li rele « yon efò entènasyonal pou konbat menas militan islamik yo. » Bò kote pa li, chèf diplomasi Lèzetazini an, John Kerry, abòde dosye a lendi pandan li te nan New York kote lap patisipe nan travay Asanble Jeneral l’ONU an. Li atire atansyon sou sa li rele “ destriksyon militan islamik yo koze nan eritaj kiltirel peyi Siri ak Irak.” Sekretè Deta Kerry di:

“Pa gen yon gwoup ki fè plis pou detwi eritaj kiltirèl nou pataje a pase gwoup Eta Islamik la. Non sèlman Eta Islamik la ap koupe tèt moun, men tou lap dechire sa k reprezante baz tout sivilizyon ki ekziste. Li pa gen respè pou lavi; li pa gen respè pou relijyon; li pa gen respè pou okenn kilti ki, pou dè milyon moun, reprezante fondasyon lavi menm. »

John Kerry kontinye pou l di travay Eta Islamik la se pi move tip sovajri moun ka wè. Daprè li, destriksyon militan yo komèt se yon bagay ki lèd, sovaj e initil. Prezidan Barack Obama gen pou l mete yon mesaj devan pèp ameriken an nan matine jounen madi 23 septanm 2014 la sou atak ki kòmanse nan peyi Siri kont militan Eta Islamik la.

XS
SM
MD
LG