Accessibility links

Breaking News

Nouvo Rankont Prezidan Martelly ak Lidè Opozisyon an sou Kliz Elektoral la


Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly kòmanse pran kontak separeman ak lidè opozisyon an plis lòt sektè nan peyi a, nan jounen lendi 22 septanm 2014 la, pou eseye debloke enpas politik la. Rankont sa yo ap dewoule avan lidè ayisyen an al pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an nan New York nan fen semèn nan. Kominote entènasyonal la eksprime enkyetid li devan yon kriz politik ki dire twò lontan.

Yon pòt pawòl Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), Serge Jean-Louis, anonse gwoup la pa okouran Prezidan Martelly ap fè konsiltasyon ak opozisyon an; dayè, dirijan MOPOD yo pa dispoze patisipe nan okenn rankont toutotan kondisyon yo pa reyini pou sa. Yon lòt kote, yon lidè wo plase nan Fusion des Socio-Democrates, Edmonde Supplice-Beauzile, konfime pati a resevwa yon envitasyon pou yo rankontre Prezidan Martelly madi 23 septanm nan pou yon rankont sou kriz politik la. Bò kote pa l, pòt pawòl Prezidans la, Lucien Jura, di Prezidan Martelly pare pou l rankontre ak tout sektè -pami yo MOPOD.

Yon lòt kote, Konsèy Sekirite Nasyonzini ap dispoze redwi efektif sòlda MINUSTAH yo pandan òganizasyon an ap etidye posibilite pou li renouvle manda misyon an an oktòb pwochen, dapre Sandra Honoré, reprezantan espesyal Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-Moon. Peyi manm l’ONU yo eksprime enkyetid yo devan sitiyasyon politik la k ap vin pi mal chak jou. Madan Honoré lanse apèl bay aktè politik yo pou l mande yo travay ansanm pou eleksyon lejislatif pasyèl yo dewoule anvan fen ane 2014 la pou evite yon vid enstitisyonèl an janvyen 2015.

Nouvèl Ayiti - Lendi 22 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:39 0:00
Direct link

Konsila ameriken an nan Pòtoprens anonse kèk nouvo dispozisyon ki pral fasilite moun pran randevou e peye, menm jan sa pral amelyore pwosesis livrezon viza ameriken. Nouvo mezi yo ap antre an aplikasyon nan dat 11 oktòb 2014, dapre Vis-Konsil Josandra Jinette.

Anfen, òganizasyon entènasyonal IFES (Fondasyon Entènasyonal pou Sistèm Elektoral) òganize 2 jou seminè pou jounalis yo nan Sid peyi d Ayiti pandan wikenn 19-20 septanm 2014 la. Objektif seminè sa a se pèmèt jounalis yo fè repòtaj pwofesyonèl sou pwochen eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG