Accessibility links

Breaking News

Gouvèman Ameriken Mete Ayiti Sou Lis Peyi Ki Sèvi Pou Dwòg Antre Ozetazini


Yon Ajan anti-dwòg ayisyen ak yon chyen polisye k ap fè enspeksyon nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens (BLTS) -Foto achiv
Yon Ajan anti-dwòg ayisyen ak yon chyen polisye k ap fè enspeksyon nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens (BLTS) -Foto achiv

Etazini idantifye 22 peyi, pami yo Ayiti, k ap pwodwi oubyen ki sèvi kòm pwen tranzit pou dwòg antre nan peyi a. Administrasyon Obama a soumèt lis sa a bay Kongrè a jan yon lwa Kongrè a oblije l fè l. An plis Ayiti, lis la gen ladann Repiblik Dominikèn, Bahamas, Jamayik ak Venezuela. Yon nòt Depatman Deta pibliye di le fèt yon peyi figire sou lis la pa vle di li pap lite kont trafik dwòg ou pap kolabore ak Etazini.

Otorite ayisyen yo poko reyaji sou piblikasyon lis sa a.
Ann atandan, sou plan politik nan peyi Dayiti, pouvwa egzektif la ap travay ak gwoup 6 senatè yo, opozisyon an pou jwenn yon antant sou pwen yo pral diskite nan yon posib nouvo dyalòg entè ayisyen an. Rankont sa yo ap dewoule nan moman reprezantan Òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL) nan Plato Santral la ankouraje aktè yo travay ansanm pou debloke kriz elektoral la.

Nouvèl Ayiti -Madi 16 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:41 0:00
Direct link

Yon lòt kote, gouvènman an pran angajman pou l reyalize 32 pwojè nan zile Lagonav pou ede amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Li anonse Angajman sa yo pandan 10èm edisyon pwogram "Gouvènman an Lakay Ou", samdi 13 Septanm nan.

Anfen, plizyè sektè reyaji apre chanm depite a, ki an vakans, vote yon pwopozisyon lwa pou l ajoute 6 nouvo depatman nan peyi a. Sena a dwe apwouve pwopozisyon-lwa sa a avan pou pouvwa egzektif la siyenn e fè l tounen lwa peyi a.

XS
SM
MD
LG