Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Egzekitif la ak Opozisyon an Toujou Poko Chwazi Dat Dyalòg Politik la


Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)
Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)

Ann Ayiti, okenn dat poko fikse ant pouvwa egzektif la, gwoup 6 senatè yo, opozisyon an ak lòt sektè pou dyalòg ant tout pati prezan pou debloke enpas politik ki anpeche dewoulman eleksyon nan peyi a. Pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, fè konnen pati konsène yo ap travay sou kalandriye diskisyon yo avan yo deside sou dat rankont la. Opozisyon an ansanm ak gwoup 6 senatè deklare tout chita-pale ak pouvwa a dwe gen ladann aplikasyon atik 191-1 ak atik 289 konstisyon amande 1987 la sou fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Nouvèl Ayiti - Lendi 15 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:02 0:00
Direct link

Antretan, yon pati popilasyon an Lagonav la akeyi samdi 13 septanm nan 10ièm edisyon: “Gouvènman Lakay Ou.” Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Laurent Lamothe ak kèk manm gouvènman an te tande dòleyans popilasyon an pandan yo pwomèt pou amelyore kondisyon lavi a sou zile a. Gouvènman an distribye materyèl bay pechè yo, bous etid pou 10 jèn pandan li double prezans fòs sekirite yo.

Anfen, minis Endistri ak Komès la, Wilson Laleau, te nan tèt yon delegasyon ki vizite vil Pòd'Pè (Nòdwès) pandan wikenn nan. Minis Laleau fòme yon komite ki genyen plizyè ladan ki rele « Service D’Appui aux Entrepreneurs » pou ede envestisè nan depatman an jwenn lajan prete nan bank yo e benefisye lòt asistans teknik pou ede kreye richès ak travay nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG