Accessibility links

Breaking News

"Chans pou Eleksyon Dewoule Ann Ayiti an 2014 Mens Anpil," dapre Sandra Honoré.


Kask ble Misyon Nasyon Zini pou Establizayon Ayiti (MINUSTAH). Foto achiv.
Kask ble Misyon Nasyon Zini pou Establizayon Ayiti (MINUSTAH). Foto achiv.

Reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, Sandra Honoré, prezante rapò l devan Konsèy Sekirite òganizasyon entènasyonal la jedi 11 septanm 2014 la nan New York. Amandman lwa elektoral la, ensekirite, eleksyon ak avni MINUSTAH ann Ayiti te pami pwen responsab la mete devan konsèy la.

Yon lòt kote, chèf misyon Etazini nan l’ONU an, Samantha Power, denonse konpòtman 6 senatè ayisyen ki, daprè li, bloke efò kap fèt pou jwenn yon solisyon pou kriz elektoral la. Diplomat la mete yon mesaj klè devan politisyen ayisyen yo : « Se pou yo fè chita-tande pou adopte yon lwa elektoral, òganize eleksyon lib, ekitab ak patisipasyon tout sektè, nan respè delè konstitisyon peyi a bay pou sa. »

Bò kote pa l, anbasadè Ayiti nan l’ONU an, Denis Regis, ki te pran lapawòl nan sesyon an, mande "peyi zanmi Ayiti yo" ede l òganize eleksyon anvan fen ane 2014 la. Diplomat la, ki tap pale nan non gouvènman an, apiye demand pwolongasyon manda MINUSTAH a jiska oktòb 2015.

Nouvèl Ayiti - vandredi 12 septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:14:54 0:00
Direct link

Ayiti-Jistis: Mèt Mario Joseph, youn nan avoka kap defann ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, konfime nouvèl ki di Jij Lamarre Belizaire pran desizyon pou l mete lidè Pati Fanmi Lavalas la an rezidans siveye. Ekspè legal yo fè konnen lwa peyi a pa prevwa posiblite pou yon jij mete yon sitwayen an rezidans siveye pandan lap kontinye yon ankèt sou sitwayen sa a.

Moise Jean Charles, youn nan 6 senatè ki poze kondisyon pou yo amande lwa elektoral la, byen akeyi desizyon Prezidan Michel Martelly pran pou l mande yon lòt dyalòg ak opozisyon an. Misye Moise --ki se youn nan senatè Depatman Nò a-- fè konnen li pare pou l apiye tout desizyon ki ta soti nan dyalòg la, a kondisyon pou desizyon sa yo ann akò ak konstitisyon 1987 amande a.

Anfen, reprezantan yon regroupman 38 pati politik ki anfavè òganizasyon eleksyon nan peyi a, rankontre ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou ankouraje responsab yo fè eleksyon anvan fen ane 2014 la. KEP a di li pa kapab òganize eleksyon lejislatif pasyèl yo san amandman lwa elektoral la.

XS
SM
MD
LG