Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Make 13èm Anivèsè Atak Teworis 11 Septanm 2001 an


Prezidan Barack Obama, Premyè Dam Michelle Obama akVis Prezidan Joe Biden ap obsève yon moman silans nan okazyon 13èm anivèsè atak 11 septanm 2001 yo. (Mezon Blanch, Washington, 11 septanm 2014).
Prezidan Barack Obama, Premyè Dam Michelle Obama akVis Prezidan Joe Biden ap obsève yon moman silans nan okazyon 13èm anivèsè atak 11 septanm 2001 yo. (Mezon Blanch, Washington, 11 septanm 2014).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, patisipe, nan kòmansman jounen jedi 11 septanm 2014 la, nan 2 seremoni ki make 13èm anivèsè atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001.

Pou kòmanse, lidè ameriken an –ki te gen bò kote li Premyè Dam nan, Michel Obama, ak Vis Prezidan Joe Biden- te prezide nan La Mezon Blanch yon seremoni kote moun yo te obsève yon moman silans egzatteman nan lè kote premye avyon teworis yo te pilote a t al kraze sou youn nan tou marasa World Trade Center la nan vil New York.

Rapèl Ronald César sou Atak 11 Septanm 2001 an
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:58 0:00
Direct link

Apre sa, Prezidan an ak Madam Obama te asiste yon seremoni nan Pentagòn nan –ki se katye jeneral lame amerikèn nan – kote plizyè santèn moun te pèdi lavi yo aprè yon lòt avyon t al tonbe sou bilding nan. Seremoni sa yo dewoule kèk èdtan aprè lidè ameriken an te mete yon mesaj devan pèp la ak lemond sou estrateji administrasyon li a pral itilize pou l konbat militan islamik yo nan Irak ak Siri.

Nan New York, manm fanmi preske 3 mil moun ki te mouri nan atak sou World Trade Center la, patisipe nan yon seremoni otorite yo mete sou pye chak ane e kote paran sa yo li byen fò non viktim yo ki te trè chè pou yo. Se premye seremoni konsa ki dewoule depi ouvèti Mize 11 Septanm nan, kote moun ka wè tablo ak foto ki gen rapò ak atak teworis la. Yo prèske fin rekontrui nèt konplèks World Trade Center la –otorite yo pral inogire prensipal grat-syèl la pi ta ane sa a.

Pi ta nan jounen an, yon lòt seremoni pral dewoule nan vil Shanksville, nan Eta Pennsilvani, kote yon 4èm avyon teworis yo te detounen, te kraze pandan li te sou wout siman pou l t al atake Washington, D.C. Pandan seremoni sa a, otorite yo pral ofri pou la premyè fwa Meday Dò Kongresyonèl la (pi gwo onè gouvènman ameriken an ka rann yon sitwayen sivil) pou pasaje ak manm ekipaj avyon United Airlines, vòl 93 la, ki te goumen ak teworis yo e pito mouri pase pou yo te kite yo al kraze aparèy la sou yon biwo piblik nan Washington.

XS
SM
MD
LG