Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Obama sou Estrateji Lèzetazini kont Eta Islamik la


Prezidan Obama pandan li tap detaye estrateji Lèzetazini pou lit kont militan islamik yo.
Prezidan Obama pandan li tap detaye estrateji Lèzetazini pou lit kont militan islamik yo.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pran yon angajman solanèl pou l mache pran militan Eta Islamik la kèlkeswa kote yo twouve yo, san bliye nan peyi Siri. Nan yon mesaj lidè Lèzetazini an mete devan piblik ameriken an nan sware mèkredi 10 septanm 2014 la, li anonse Washington pral pran tèt sa li rele “yon kowalisyon elaji” pou redui menas teworis gwoup ekstremis la (an palan de Eta Islamik la) poze

Vrèmanvre, lemond antye te konstate kijan gwoup islamik la te mennen yon kanpay brital nan Siri ak Irak kote yo mete men sou yon gwo pati tèritwa nasyonal la, pandan yo rekrite militan etranje pou al konbat bò kote yo pou fòme yon kalifa, sètadi yon eta islamik. Ebyen, kèk mwa aprè kanpay tèrib sa a te kòmanse, lidè ameriken an anonse piblik la ak lemond Lèzetazini pral pase a latak. Prezidan Obama deklare:

« Mwen pale klè pou m di nou pral lage yon koukouwouj dèyè teworis ki menase peyi nou an kèlkeswa kote yo ye. Sa vle di mwen pa pral ezite pran aksyon kont Eta Islamik la nan Siri ak Irak. Sa reprezante yon pensip fondamantal pou prezidans mwen an : Si yon moun menase Lèzetazini, moun sa a pap jwenn okenn azil ki gen sekirite pou l kache. »

Prezidan Obama pale konsa byen ta mèkredi 10 septanm nan ak yon piblik ki fatige ak lagè aprè militan islamik yo te koupe tèt 2 jounalis ameriken sa pa gen lontan e yo te pibliye videyo ki montre 2 jounalis yo (James Foley ak Steven Sotloff) pandan zak dekapitasyon an tap dewoule a --yon zak ki vle di yo lanse yon menas klè kont Lèzetazini.

Entèvyou R. Bénodin ak J. Bélizaire sou Estrateji Prezidan Obama kont Eta Islamik la
please wait

No media source currently available

0:00 0:16:40 0:00
Direct link

Lidè ameriken an bay detay sou yon estrateji anti-teworis ki sanble ak efò Lèzetazini ap deplwaye pou l konbat aktivite teworis nan peyi Yemèn ak Somali. Li fè konnen: « Nou pral degrade Eta Islamik la, nou pral ralanti militan yo sou kous yo, epi nou pral detwi yo. » Prezidan an di, kounye a Lèzetazini pral mache pran zòn kote militan yo genyen abri « sur » nan Siri pandan lap ogmante apui militè lap bay opozisyon modere a nan peyi sa a kap konbat an menm tan militan islamik yo ak rejim Prezidan Bashar al-Assad la.

Nan moman kote Irak fèk genyen yon nouvo gouvènman, Lèzetazini pral elaji kad kanpay kote aviyasyon militè li ap atake pozisyon militan yo --yon kanpay kote avyon yo deja lanse 150 atak. An menm tan tou, administrasyon Obama a deside voye yon gwoup 475 lòt konseye militè nan Irak pou apiye fòs zame peyi a ak konbatan kurd yo. Men prezidan an pale klè pou l pa kite okenn dout sou entansyon Lèzetazini nan domèn sa a. Misye Obama di :

“ Mwen vle pèp ameriken an konprann kijan efò sa a pral diferan ak lagè Irak ak Afganistan an. Li pa pral genyen ladan n sòlda ameriken kap goumen nan yon peyi etranje. ”

Prezidan Obama ensiste tou pou l di Lèzetazini pap pou kont li nan operasyon sa a.

XS
SM
MD
LG