Accessibility links

Breaking News

Pouvwa Egzekitif la ak Sena a, Youn ap Akize Lòt Kòm Responsab Kriz Politik la


Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)
Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)

Gwoup 6 senatè yo ak pouvwa egzekitif la kontinye ap rann youn lòt responsab enpas politik la nan peyi Dayiti. Senatè Jean Baptiste Bien Aimé, youn nan reprezantan nòdès peyi a, akize prezidan Martelly dèske li pa gen volonte pou l dyaloge vre ak sena a. Pouvwa egzekitif la, sou bò pa l, mande senatè yo vote amandman lwa elektoral la pou debloke kriz politik la. 2 klan yo lanse akizasyon sa yo nan moman yon gwoup nan sosyete sivil la pwopoze tèt li kòm medyatè pou yon lòt dyalòg politik. Okenn dat poko fikse pou dyalòg sa a ki ta dwe dewoule sou yon " teren net."

Nouvèl Ayiti - vandredi 5 septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:44 0:00
Direct link

Yon lòt kote, direktè Polis Nasyonal la, Godson Orélus, te prezante devan jij Lamarre Bélizaire jedi 4 septanm nan pou l eksplike sa k anpeche fòs de lòd yo ekzekite manda darè kont ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide la. Jij Bélizaire ap ankete sou koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg ki te swadizan ap fèt pandan msye Aristide t ap dirije Ayiti ant ane 2001 ak 2004.

Sena a bloke vòt bidjè 2014-2015 la ann atandan premye Minis Laurent Lamothe, ki se minis planifikasyon tou, vinn bay eksplikasyon sou depans li prevwa nan bidjè a.

Anfen, gouvènman an anonse l ap fè tout efò posib pou evite ogmantasyon pezape pri gazolin nan apati mwa septanm sa a pou ogmantasyon an pa afekte popilasyon an.

XS
SM
MD
LG