Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Michel Martelly Dakò pou l Rankontre Gwoup 6 Senatè Opozisyon an


Prezidan Michel Martelly(Foto achiv)
Prezidan Michel Martelly(Foto achiv)

Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, di li pare pou l rankontre gwoup 6 senatè ki kont amandman lwa elektoral la ak 6 pati politik nan opozisyon an nan jefò pou jwenn yon antant pou soti peyi a nan enpas politik la. Chef leta a pran desizyon sa a apre yon rankont li te genyen nan kòmansman semèn nan avèk prezidan sena a, Dieuseul Simon Desras. Reprezantan pouvwa egzekitif la ak lejislatif la te pase an revi konsekans ki kapab genyen si eleksyon lejislatif pasyèl yo pa dewoule nan fen ane 2014 la.

Devlopman sa a rive nan moman yon gwoup nan Sosyete Sivil la pibliye yon deklarasyon pou mande aktè politik yo chita dyaloge pou jwenn yon solisyon nan kriz politik la. Siyatè deklarasyon an pwopoze tèt yo kòm medyatè nan yon dyalòg ant 2 prensipal branch gouvènman an (egzekitif ak lejislatif la) sitou ak gwoup 6 senatè yo.

Bò kote pa l, senatè Moises Jean Charles, youn nan 6 senatè ki pa danse kole ak prezidan Michel Martelly, di tout dyalòg ak pouvwa egzekitif la dwe gen yon sèl objektif:" aplikasyon atik 191-1 ak 289 konstitisyon amande 1987 la."

Nouvèl Ayiti - jedi 4 septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:14 0:00
Direct link

Sosyete sivil Nòdwès la lonje dwèt sou aktè politik yo, li di, k ap fè « dilatwa » pou anpeche dewoulman eleksyon yo nan fen ane 2014 la

Anfen, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ( CSPJ) anonse y ap kòmanse pwosesis sètifikasyon jij tribinal nan tout peyi a dapre atik 69 ak 70 stati majistra yo.

XS
SM
MD
LG