Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Pwochen Rankont ant Prezidan Martelly, Senatè Desra ak "Gwoup 6 Senatè" yo


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly (Foto achiv.)
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly (Foto achiv.)

Prezidan Michel Martelly gen pou l rankontre nan Palè Nasyonal ak prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, e ak gwoup 6 senatè ki mande aplikasyon atik 289 konstitisyon 1987 amande a pou fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a avan yo amande lwa elektoral la. Rankont sa ap fèt sou demand yon gwoup senatè ki pa ta renmen wè Prezidan Martelly sèvi ak enfliyans li pou l fè KEP a aplike atik 12 akò politik El Rancho a pou tabli kad legal ki nesesè pou eleksyon dewoule anvan fen ane 2014 la. Prezidan Martelly aksepte rankontre sèlman ak Misye Desra plis 6 senatè yo malgre demand ki te fèt pou opozisyon an patisipe.

Kèk pami manm "gwoup 6 senatè yo" ak reprezantan kèk lòt sektè kwè li t ap pi bon pou rankont la dewoule yon lòt kote, e non pa nan Palè Nasyonal la. Nouvèl yo fè konnen gen nan 6 senatè yo ki deja manifeste entansyon yo pou yo pa patisipe nan rankont sa a ki, daprè kèk obsèvatè, ta kapab debloke kriz politik la. Pòtpawòl prezidans la, Lucien Jurat, di li pa wè ki pwoblèm sa poze si rankont la dewoule nan Palè Nasyonal ki se syèj prezidans la.

Nouvèl Ayiti - Lendi 1e Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:53 0:00
Direct link

Yon gwoup senatè ki gen nan tèt yo Edo Zenny ak Wencesclass Lambert, 2 senatè Depatman Sidès la e ki apiye pouvwa a, menase pou yo demisyone nan 15 jou si sena a pa amande lwa elektoral la. 2 palmantè yo lanse menas sa a kèk jou apre Òganizasyon Eta Ameriken yo ( OEA) te apwouve yon deklarasyon ki mande senatè yo vote amandman lwa elektoral la pou eleksyon ka dewoule anvan fen ane 2014 la.

Anfen, Prezidan Komisyon Ajan Ekzekitif Enterimè nan vil Tigwav mande opozisyon an prepare l pou l patisipe nan eleksyon yo olye L ap manifeste kont pouvwa a. Epi depite vil Jeremi an rann pouvwa ekzekitif la ak gwoup 6 senatè yo responsab pou kriz ki bloke pwosesis elektoral la.

Telechaje"Nouvèl Ayiti Lendi 1e Septanm 2014 la" pou n tande repòtaj ekip Sèvis Kreyòl la.

XS
SM
MD
LG