Accessibility links

Breaking News

Etazini-Vyolans : Yon Kalm Aparan Retounen nan vil Ferguson, nan Eta Missouri.


Sòlda Gad Nasyonal Eta Missouri a devan katye jeneral lapolis vil Ferguson nan.
Sòlda Gad Nasyonal Eta Missouri a devan katye jeneral lapolis vil Ferguson nan.

Nan vil Ferguson, Eta Missouri ki nan pati santwès Lèzetazini, lari yo te pi kalm nan nuit mèkredi 20 out pou leve jedi 21 out 2014 la aprè 11 jou kote tout kalite dezòd te fèt nan vil la kòm reyaksyon aprè yon ajan polis lokal te touye yon jenn ameriken nwa anba koutzam. Pou tout nuit la, lapolis rapòte 6 arestasyon sèlman, swa 40 mwens pase kantite arestasyon ki te fèt pandan nannuit madi pou leve mèkredi a.

Nouvèl Konsènan Sitiyasyon an nan Ferguson, Missouri- jedi 21 out 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:11 0:00
Direct link

Yon otorite lapolis, Kaptenn Ron Johnson ki responsab sekirite woutye nan Eta Missouri, fè konnen responsab yo te gen pou yo reponn mwens apèl ki te rapòte ensidan ilegal. Daprè li, pa gen koutzam ki tire, pèsonn moun pa lanse cocktail molotov ni mete dife nan lari yo, e lapolis pa sezi okenn zam-a-fe. Nouvèl la fè sonje manifestan te pran lari vil Ferguson pou yo te pwoteste avèk gwo kòlè kont lanmò yon jenn gason nwa 18 tan, anba bal yon polisye blan nan dat 9 out pase a; non viktim nan se Michael Brown, e non polisye blan an se Darren Wilson.

Nan jounen mèkredi a, minis jistis ameriken an, Eric Holder, te fè deplasman nan vil Ferguson kote li te rankontre ak lidè kominotè yo e ak abitan vil la. Li di: “Nou chwazi polisye ak avoka ki gen plis eksperyans nan peyi a pou travay sou dosye sa a. » Misye Holder te pase yon ti tan tou avèk papa ak manman Michael Brown e li pwomèt yo otorite yo ap mennen yon ankèt onèt e san pati pri pou yo fè limyè sou lanmò pitit-gason yo a.

Yon lòt kote, Depatman Sekirite Nasyonal la (Homeland Security Department) pibliye, nan jounen mèkredi 20 out la, yon bilten kote li atire atansyon piblik la sou plan yon gwoup anonim ap prepare pou l òganize kont-pwotestasyon pou l deranje manifestasyon kap fèt akoz lanmò Michael Brown nan. Gwoup sa a lanse apèl pou l mande patizan li yo obsève sa li rele « Yon Jounen Laraj » jedi 21 out la.

Bilten Depatman Sekirite Nasyonal la pa presize si kont-pwotestasyon sa a pral gen vyolans ladan n. Sepandan dokiman an raple manifestasyon ki te dewoule, sa pa gen lontan, nan vil Ferguson te debouche sou vyolans kote manifestan te kraze pwopriyete moun e lapolis te obije fè anpil arestasyon.

XS
SM
MD
LG