Accessibility links

Breaking News

Sena a Relanse Yon Envitasyon Bay Direktè Polis Nasyonal la, Godson Orelus.


Sena ayisyen an pandan dewoulman yon seyans (Foto achiv)
Sena ayisyen an pandan dewoulman yon seyans (Foto achiv)

Direktè Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Godson Orelus, ak 2 lòt ofisyèl pat reponn envitasyon komisyon jistis sena repiblik la te voye ba yo pou yo te bay eksplikasyon sou jan plis pase 300 prizonye te fè sove nan prizon sivil Kwadèboukè a dimanch 10 out 2014 la. Responsab yo nan Sena a repòte rankont la pou mèkredi 27 out la.

La polis deja mete men sou plizyè evade. Otorite yo mande sovadò yo rann tèt yo nan nenpòt komisarya ki pre kote y al kache a.

Nouvèl Ayiti - Jedi 21 out 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:17 0:00
Direct link

Jij enstriksyon Lamarre Bélizaire di yon manda darè li lanse dèyè ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide toujou valab. Yon ajans près lokal ki te kontakte jij la, di lapolis te dwe arete lidè Fanmi Lavalas la. Avoka msye Aristide yo ekri otorite lajistis yo pou mande yo wete jij Bélizaire sou dosye a akoz relasyon pèsonèl li ak pouvwa an plas la. Jij la ap mennen ankèt sou koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg ki te swadizan genyen nan administrasyon piblik la pandan ansyen prezidan an tap dirije peyi a ant 2001 e 2004. Ankèt la vize tou plis pase 30 pwòch Misye Aristide.

Premye Minis Laurent Lamothe ak Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, lanse, nan jounen mèkredi 20 out 2014 la, premye kongrè sou refòm nan sistèm edikatif ayisyen an ak patisipasyon 406 direktè ak sansè lise. Minis Manigat deklare gouvènman an pran angajman pou l refòme sistèm nan gradyèlman. Kongrè sa a dewoule kèk semèn apre piblikasyon rezilta ekzamen ofisyèl yo --rezilta responsab konsidere kòm "yon katastwòf."

Finalman, biwo sena a ap fè demach pou li òganize yon rankont ant Prezidan Michel Martelly ak lidè 6 pati opozisyon an k ap mande aplikasyon atik 289 konstitisyon amande 1987 la pou fòmasyon yon konsèy elektoral ak reprezantan 9 sektè olye de pèsonalite 3 pouvwa yo chwazi.

XS
SM
MD
LG