Accessibility links

Breaking News

Atak aviyasyon Militè Izryaèl nan Gaza. Bilan 8 Moun Mouri


Palestinyen kap pote kadav 3 kòmandan militè Hamas ki mouri nan atak Israeli la. Foto: 21 out 2014.
Palestinyen kap pote kadav 3 kòmandan militè Hamas ki mouri nan atak Israeli la. Foto: 21 out 2014.

Hamas fè konnen yon atak aviyasyon militè peyi Izrayèl touye 3 pami gwo kòmandan militè gwoup palestinyen an. Daprè otorite yo nan Hamas, atak ayeryen sa a, ki dewoule byen bonè jedi 21 out 2014 la nan vil Rafah, detwi yon kay ki te genyen 5 etaj e li touye omwen 5 lot moun.

Yon pòtpawòl lame Izrayèl la fè konnen li kapab konfime lanmò 2 sèlman nan kòmandan yo ki se: Mohammed Abu Shamahleh avèk Raed al-Attar. Daprè pòtpawòl la, 2 mesye sa yo te responsab « pou anpil gwe atak teworis ki te fèt sou Izrayèl. » Pami atak sa yo, genyen asasina sòlda izrayelyen ak kidnapping sòlda Gilad Shallit nan lane 2006.

Atak ki fèt nan kòmansman jounen jedi a fè pati sa Izrayèl prezante kòm yon seri frap aviyasyon militè a gen pou l lanse sou 20 pozisyon sou tèritwa palestinyen an, kòm yon repons pou atak ak kout-wòkèt militan Hamas yo ap lanse sou Izrayèl. Nan jounen mèkredi 20 out la, yon atak ayeryen te touye madanm ak yon pitit lidè militè Hamas la, Mohammed Deif.

XS
SM
MD
LG