Accessibility links

Breaking News

Asasina Jounalis Ameriken James Foley nan Siri - Reyaksyon


Jounalis James Foley bò kote milian islamik ki touye l la
Jounalis James Foley bò kote milian islamik ki touye l la

Polis Entènasyonal (Interpol) denonse asasina jounalis ameriken James Folley ki mouri tèt-koupe anba men gwoup militan kap chache tabli yon eta Islamik nan Irak ak Siri; Interpol li di lemond dwe fè yon efò kowòdone pou konbat responsab asasina sa a e fè fas ak menas ki sòti bò kote konbatan etranje ki prale nan Mwayen Oryan yo. Pandan Interpol tap abòde dosye asasisa jounalis la byen bonè jedi 21 out 2014 la, li di move zak sa a revolte lemond e se yon siyn ki montre karaktè mechan e sovaj konbatan islamik kap opere nan Irak ak Siri yo.

Polis entènasyal la fè deklarasyon sa a yon jou aprè prezidan ameriken an, Barack Obama, te pale menm jan pou l di Lèzetazini pral kontinye fè tout sa li dwe fè pou l pwoteje sitwayen ameriken yo, malgre menas ki poze pou lavi yon lòt jounalis ameriken. Prezidan Obama di:

« Lavi jounalis James Foley montre yon gwo diferans ak lavi asasen li yo. An n pale klè sou militan eta islamik la pou n di se pa ti ravaj ak dega yo pa komèt nan vilaj ak vil kote yo pase ; yo touye moun inosan, yo asasine sivil ki pa menm ame e yo poze yon bann ak yon pakèt lòt zak vyolan tankou moun lach. »

Yon lòt kote, pòtpawòl Depatman Deta a, Marie Harf, pale ak laprès nan menm jounen mèkredi 20 out la pou l di, antwòt, kijan Lèzetazini ak Lagrand Bretay ap kowopere sou dosye a, sitou aprè nouvèl te parèt pou fè konnen militan ki touye jounalis ameriken an se yon sitwayen britanik. Madam Harf di jounalis yo:

« Sa gen kèk minit, Premye Minis Cameron te pale tou sou dosye a e li di nou yo poko idantifye moun ki responsab la ; men nou wè misye sanble anpil ak yon sitwayen britanik. Natirèlman, nou dakò ak opinyon sa a e nap travay yon fason sere-sere avèk Lagrand Breaty --ki se patnè nou nan dosye a-- pou n konnen egzatteman kilès ki sou video a. »

Militan islmamik yo genyen anba men yo yon lòt jounalis ameriken ki rele Steven Sofloff. Yo di sò li pral depann de konpòtman Lèzetazini. Daprè kèk sous, militan yo fè konnen asaina James Folley se yon mesaj yo lanse pou yo mande Washington sispann mele nan sa kap pase nan Irak.

XS
SM
MD
LG