Accessibility links

Breaking News

Militan Islamik Sanble Koupe Tèt yon Jounalis Ameriken nan Siri


Journalis ameriken James Foley
Journalis ameriken James Foley

Nan Washington, otorite yo ap chache verifye otantisite yon video ki, daprè militan kap chache tabli yon eta islamik nan Siri ak Irak, montre yon zak kote yo tap dekapite jounalis ameriken James Foley; militan yo te kidnape jounalis la depi ane 2012. Sanble tou se yon mesaj yo voye pou di Lèzetazini sispann mele nan sa kap pase nan Irak.

Pòtpawòl Konsèy Sekirite Lèzetazini an, Caitlin Hayden --ki tap abòde dosye a byen ta madi 19 out 2014 la-- fè konnen si video a ki, daprè kèk sous montre aksyon kote yo tap koupe tèt jounalis la, se yon video otantik, eben ! se yon zak brital Lèzetazini jwenn efreyan e makab.

Manman jounalis la, Diane Foley, lanse apèl bay militan islamik yo pou l mande yo pa komèt move zak kont okenn lòt otaj ki ta nan men yo, paske --daprè sa madanm Foley di-- otaj sa yo se inosan ki pa gen anyen pou yo wè ak aksyon gouvènman ameriken an nan Irak ak Siri. Nan yon deklarasyon madanm Foley poste sou Facebook, li di pitit li a “ bay lavi li pandan li tap eseye fè lemond wè kijan pèp siryen an ap soufri.”

Militan ki parèt sou video a pretann yo genyen anba men yo tou yon lòt jounalis ameriken ki rele Steven Sokoloff. Yo di lavi jounalis sa a depann de aksyon Prezidan Barack Obama.

XS
SM
MD
LG