Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis : Manda d'Arè kont Ansyen Prezidan J. B. Aristide - Reyaksyon


Manifestan ki tap boule kawoutchou (Foto achiv)
Manifestan ki tap boule kawoutchou (Foto achiv)

Moun ki idantifye tèt yo kòm patizan ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide mobilize devan rezidans lidè Pati Fanmi Lavalas la nan Tabarre pou yo anpeche ekzekisyon yon "mandat d'amener" Jij Lamarre Belizaire lanse dèyè li. Misye Aristide pat prezante nan tribinal pou l reponn kesyon jij la k ap mennen ankèt sou akizasyon deske ansyen prezidan an ta mele nan koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg pandan li tap dirije peyi a ant 2001 e 2004. Jedi 14 out 2014 la, patizan Misye Aristide yo te boule kawoutchou, atake yon machin MINUSTAH, epi bloke Boulva 15 Oktòb la ki relye Tabarre ak Petion-Ville.

Nouvèl konsènan Ayiti-Vandredi 15 Out 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:55 0:00
Direct link

Dirijan Pati Lavalas la ak Mèt Mario Joseph, youn nan avoka l yo, di yo pa janm resevwa manda Jij Belizaire a. Mèt Joseph fè konnen li ekri jij la yon lèt pou mande l eklèsisman sou manda a, menm si se nan laprès sèlman li tande pale de egzistans dokiman an.

Sepandan, huissier Romuald Grand Pierre fè konnen se li menm pèsonèlman ki te remèt manda konparisyon an bay yon moun ki t ap antre nan rezidans Misye Aristide la madi 12 out la apre ajan sekirite te anpeche l antre nan lakou a san otorizasyon espesyal lidè Pati Fanmi Lavalas la.

Patizan Misye Aristide yo di yo konsidere kòm pèsekisyon politik desizyon jij Belizaire pran pou l relouvri dosye koripsyon an ki konsène plis pase 30 pwòch Pati Lavalas la. Daprè yo, objektif aksyon an jistis sa a se anpeche pati a patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Nan vil Jakmèl, nan Depatman Sidès peyi a, lavalasyen yo te rankontre ak laprès pou yo denonse manda d'arè Jij Bélizaire lanse dèyè Misye Aristide la. Reprezantan pati a nan depatman an di Misye Bélizaire pa gen kapasite pou l mennen ankèt sou ansyen prezidan an.

Yon lòt kote, lapolis kontinye ap chache plis pase 300 prizonye ki te sove nan prizon Kwadèboukè a nan dat dimanch 10 out 2014 la. Otorite yo remete nan kacho yon ventèn nan prizonye sa yo-- pami yo òm dafè Clifford Brandt, pitit yon fanmi rich ki anba akizasyon deske li ta mele nan kidnaping ak asosyasyon malfektè. Sòlda panyòl te arete Brandt ak 2 lòt evade nan yon vil ki sou fwontyè ayisyano-dominiken an epi yo renmèt yo bay otorite ayisyen yo sou demand gouvènman Martelly-Lamothe la. Otorite yo nan Pòtòprens anonse yo transfere Clifford Brandt nan penitansye nasyonal ki nan kapital la. Minis jistis la, Jean Renel Sanon, mande tribinal kasasyon pran dosye a anmen pou Clifford Brandt kapab jije anvan lontan.

-------------------------------------------------------------------------------------

Yon lòt kote, desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pran pou l fè pouvwa ekzekitif la konnen li enposib pou eleksyon lejislatif pasyèl yo dewoule nan dat 26 oktòb 2014 la, kontinye domine aktyalite a. Sekretè Jeneral Òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL), Sauveur Pierre Etienne, deklare otorite yo te byen konnen eleksyon yo pa tap kapab dewoule nan dat sa a. Msye Etienne site ekspè yo ki fè konnen peyi a bezwen 6 mwa pou l òganize eleksyon nan bonkondisyon.

Bò kote pa l, Depite Danton Leger (sikonskripsyon Leyogàn) fè konnen KEP a pa kapab kontante l di tou senpleman li enposib pou eleksyon dewoule nan dat 26 oktòb la, men se pou l anonse yon lòt dat pou vòt la fèt. Daprè palmantè a, si KEP a pa kapab fikse yon lòt dat, li dwe demisyone. Sou dosye elektoral la, analis politik Robert Benodin site plizyè faktè ki,d aprè li, fè l enposib pou eleksyon dewoule nan dat akò politik El Rancho a prevwa a, yon dat pouvwa ekzekitif la te konfime nan yon arete prezidansyèl. Misye Benodin di gouvènman Martelly-Lamothe la te komèt yon erè lè l te fikse dat eleksyon yo aloske se enstitisyon elektoral la ki ta dwe pran desizyon an.

XS
SM
MD
LG