Accessibility links

Breaking News

2èm Jounen yon Vizit 5 Jou Pap Franswa nan Kore di Sid.


Pap Franswa ap souri pandan fidèl yo ap bat bravo pou li ann arivan n nan Chapèl Solmoe a nan vil Dangjin, o sidwès Swoul, nan dat 15 out 2014 la.
Pap Franswa ap souri pandan fidèl yo ap bat bravo pou li ann arivan n nan Chapèl Solmoe a nan vil Dangjin, o sidwès Swoul, nan dat 15 out 2014 la.

Plizyè dizèn milye jèn sid-koreyen asiste yon mès Pap Franswa selebre sou 2èm jounen yon vizit 5 jou lap fè nan Kore di Sid. Nan mès sa a, ki dewoule vandredi 15 out 2014 la nan yon stad foutbòl nan vil Daejon ki gen yon kapasite pou l kenbe 50 mil moun, Souvren Pontif la te gen yon mesaj espesyal pou jèn yo. Se premye parèt pap la fè an piblik depi li te debake nan peyi a jedi.

Chèf legliz katolik la deja rankontre ak prezidan Kore di Sid la, Park Geun-hye, e yo tou lè 2 pwononse yon diskou nan okazyon an. Pap Franswa rankontre tou ak fanmi viktim ak sivivan yon aksidan bato sid-koreyen ki te koule nan mwa d avril pase a.

Pou sa ki gen rapò ak relasyon ant 2 peyi ki pataje preskil Kore a, Pap Franswa di diplomasi se yon bagay ki baze sou dyalòg e non pa sou akizasyon ni menas. Souvren Pontif la kontinye pou l di :

« Nou dwe rejte modèl ekonomik sa yo ki pa bay lòm enpòtans, paske yo kreye yon lòt fòm povrete epi yo majinalize travayè yo, pandan yo fabrike yon kilti lanmò ki diminye valè imaj Bondye, Bondye ki bay lavi a ; yo vyole diyite chak gason, chak fi ak chak timoun. »

XS
SM
MD
LG