Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Polis: Fijitif Clifford Brandt Retounen nan Prizon


Sou foto sa a, moun ka wè Clifford Brandt pandan polisye dominiken tap remèt li bay kòlèg ayisyen yo. (Koutwazi: Primati peyi d Ayiti).
Sou foto sa a, moun ka wè Clifford Brandt pandan polisye dominiken tap remèt li bay kòlèg ayisyen yo. (Koutwazi: Primati peyi d Ayiti).

Òm dafè Clifford Brandt ak 2 lòt prizonye ki te sove retounen nan selil yo madi 12 out 2014 la apre arestasyon yo sou fwontyè ayisyano-dominiken an. Brandt te sove nan prizon KwadèBoukè a dimanch 10 out la ansanm ak plis pase 300 lòt prizonye. Brandt, ki pa janm jije depi li ale nan prizon an oktòb 2012, twouve l anba akizasyon deske li komèt kidnaping e li mele nan asosyasyon malfetè.

Jounal dominiken Listin Diario ak jounal an liy Diariolibre.com rapòte deklarasyon minis defans dominiken an, Amiral Sigfrido Pared Perez, ki di se solda Inite Espesyalize Sekirite Fwontyè a (Cesfront) ki te mete men sou Clifford Brandt ak 2 lòt sovadò aprè yo te antre sou teritwa dominiken an. Lapolis panyòl te transfere mawonyè yo nan komisarya polis vil Jimani a sou lòd kòmandan zòn nan, dapre jounal yo.

Jounal Listin Diario pibliye foto Clifford Brandt ak 2 lòt evade yo ak minòt nan bra yo, devan komisarya polis Jimani an nan moman polisye dominiken yo tap renmèt yo bay kòlèg ayisyen yo ki te vin chache prizonye yo abò yon elikoptè sou demand gouvènman ayisyen an.

Konsèy Siperyè Polis Nasyonal anonse yon seri dispozisyon yap mete sou pye pou ranfòse sekirite nan prizon yo. Pami dispozisyon sa yo, gen enstalasyon kamera andedan ak andeyò prizon yo ak braslè elektronik kap pèmèt otorite yo konnen ki kote yon prizonye ye an pèmanans.

Daprè direktè Polis Nasyonal d Ayiti a, Godson Orélus, fòs de lòd yo remete men sou 19 prizonye. Sou dosye sa a, responsab yo anonse yo pral sèvi ak tout resous yo pou remete men sou tout lòt fijitif yo e remete yo nan prizon. Yon lòt kote, otorite yo pran sanksyon kont polisye ki t ap siveye prizon an nan moman evazyon an te fèt nan jounen dimanch 11 out 2014 la; se konsa yap revoke e voye devan lajistis polisye ki ta mele nan konplo ki te debouche sou evazyon an. Dayè, yo ranplase responsab komisarya Kwa dè Boukè a. Otorite ayisyen yo anonse yo pral pibliye anvan lontan lis non prizonye ki sove yo. Lajistis yo te pwomèt 1 milyon goud pou nenpòt enfòmasyon ki ta debouche sou re-arestasyon Clifford Brandt ak lòt sovadò yo.

Minis Jistis la, Jean Renel Sanon, anonse revokasyon jij kou dapèl Florence Mathieu poutèt sa minis la konsidere kòm yon mank kolaborasyon nan lit kont kriminalite ak enfraksyon grav.

Yon lòt kote, minis kominikasyon ayisyen an, Doktè Rudy Hériveaux, fè konnen administrasyon Martelly-Lamothe la detèmine pou li fè tout sa li kapab pou eleksyon dewoule nan peyi a anvan fen ane 2014 la. Misye Hériveau pale konsa kèk jou apre manm konsèy elektoral la te ekri Prezidan Michel Martelly yon lèt pou di li, daprè yo, li enposib pou eleksyon lejislatif pasyèl yo dewoule nan dat 26 oktòb 2014 la, dat nou jwenn nan yon arete prezidansyèl e ki ann Akò El Rancho a. Minis kominikason an raple pouvwa ekzekitif la fèk mete 160 milyon goud a la dispozisyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou ede pwosesis elektoral la avanse.

Aprè KEP a fin anonse dat 26 oktòb 2014 la pa reyalis pou dewoulman elwksyon ann Ayiti, Sekretè Jeneral Adjwen Òganizasyon Eta Ameriken yo, Albert Ramdin, lanse yon apèl bay aktè konsène yo poul mande yo travay ansanm pou rezoud pwoblèm ki poze antre yo e antann yo sou yon dat pou eleksyon yo fèt anvan fen ane a. Nimewo 2 l’OEA a di kominote entènasyonal la pa ta renmen wè peyi a tonbe nan yon sitiyasyon kawotik apre 2èm lendi janvye 2015.

Anfen, kowòdonatris jeneral Pati Fanmi Lavalas, Doktè Maryse Narcisse, demanti enfòmasyon ki ta fè konnen lidè pati a, ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide, ta gen pou l prezante devan jij enstriksyon Lamarre Belizaire nan jounen mèkredi 13 out 2014 la pou l reponn kesyon sou akizasyon deske li ta mele nan koripsyon, blanchiman dajan ak trafik dwòg pandan li tap dirije peyi a ant 2001 e 2004. Mèt Mario Joseph, avoka ansyen prezidan an, di li menm ak Misye Aristide pa resevwa okenn envitasyon ki soti bò kote Mèt Lamarre Bélizaire, jij dentriksyon ki sou dosye a.

XS
SM
MD
LG