Accessibility links

Breaking News

In Memoriam: Gwo Aktè ak Komedyen Ameriken Robin Williams Mouri


Fanatik depoze flè devan kay aktè/komedyen Robin Williams nan katye Tiburon nan vil San Francisco, Eta Kalifòni. (Foto: 11 out 2014).
Fanatik depoze flè devan kay aktè/komedyen Robin Williams nan katye Tiburon nan vil San Francisco, Eta Kalifòni. (Foto: 11 out 2014).

Se tout kote Ozetazini e menm nan lemond antye moun ap voye kondoleyans yo bay fanmi aktè-komedyen ameriken Robin Williams aprè yo te dekouvri kò li san vi lakay li nan vil San Francisco, lendi 11 out 2014 la. Sanble se li ki touye tèt li. Li te genyen 63 an.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, chante lwanj Robin Williams kòm “Yon aktè san parèy ki touche tout eleman nan lespri imen.” Aktè Steve Martin, ki te monte sou sèn bò kote Robin Williams, ekri sou kont Twitter li pou l di: “Mwen pat kapab pran yon pi gwo chòk pase nouvèl lanmò Robin. Sete yon gran talan; sete yon patnè pou mwen; sete yon bon moun pou pwochen li.”

Otorite lokal yo nan San Francisco fè konnen yo gen enpresyon lanmò Robin Williams se rezilta sa yo rele yon “asfiksi”, sètadi se li ki te fè yon jan pou l te sispann respire. Men yo kontinye mennen ankèt pou konnen vrè koz lanmò a. Nouvèl yo di sa gen lontan depi aktè a tap soufri ak depresyon, mete sou le fèt ke li pat ka rete san l pat pran dwòg.

Madam Robin Williams, Susan Schneider, fè konnen li gen konviksyon fanatik toupatou sou latè pap kapab bliye mari li. Men li ensiste pou yo fikse atansyon yo non pa sou lanmò Robin Williams, men pito sou tout bèl moman lajwa ak kè-kontan li te bay plizyè milyon moun atravè lemond antye.

XS
SM
MD
LG