Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Ofri 1 Milyon Goud pou Enfòmasyon sou Clifford Brandt ak Lòt Prizonye ki Sove


Manm Polis Nasyonal la d Ayiti (PNH)pandan yon manifestasyon (Foto Achiv).
Manm Polis Nasyonal la d Ayiti (PNH)pandan yon manifestasyon (Foto Achiv).

Otorite yo nan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ofri 1 milyon goud pou enfòmasyon ki ta ede yo remete men sou Clifford Brandt ak plizyè douzèn lòt moun ki sove nan prizon sivil Kwadèboukè a dimanch 10 out 2014 la. Clifford Brandt, pitit yon fanmi rich ann Ayiti, te nan prizon depi 22 oktòb 2012 anba akizasyon desek li ta mele nan kidnapping ak asosyasyon malfetè.

Selon Pòtpawòl Polis Nasyonal la, Garry Desrosiers, pou prizonye yo rive reyalize kou sa a, sanble ta jwenn asistans andedan prizon wot sekirite a. Deklarasyon Misye Desrosiers a pote yon demanti pou nouvèl ki ta fè konprann se yon kòmando ame ki te debake nan prizon sivil la pou libere prizonye yo. Depite Kwadèboukè/Tomazo a, Jean Tholbert Alexis, mande otorite yo bay eksplikasyon sou evazyon prizyonye yo.

Yon lòt kote, konseye elektoral Néhémie Joseph anonse manm KEP a ap reyini lendi 11 out 2014 la pou yo pwononse yo sou dat 26 oktòb Akò El Rancho a fikse pou eleksyon lejislatif pasyèl yo dewoule. Mèt Joseph fè anons la aprè li menm ak kòlèg li yo te pase plizyè èd tan ap diskite sou disye a ak Prezidan Michel Martelly; rankont sa a te dewoule nan Palè Nasyonal a vandredi 8 out pase a.

Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, anonse 12 dispozisyon tou nèf depatman lap dirije a ap anvizaje nan kad refòm sistèm edikatif ayisyen an. Misye Manigat di refòm nan nesesè apre echèk majorite elèv filo ak reto sòt enrejistre nan ekzamen ofisyèl yo. Selon minis la, dispozisyon sa yo ap antre ann aplikasyon apati de ane eskolè 2014-2015 la.

Nouvo anbasadè Ayiti nan l’OEA a, Edmond Bocchit, renmèt lèt kreyans li bay Sekretè Jeneral òganizasyon an vandredi 8 out 2014 la. Misye Boccchit fè konnen Ayiti ap travay ak òganizasyon an nan tout pwojè yo pataje pandan lap kontinye kowopere nan divès domèn ak peyi manm l’OEA yo.

XS
SM
MD
LG