Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan: Negosyasyon ant Izrayèl ak Hamas ap kontinye nan peyi Lejip


Kat jewografik ki montre plizyè vil ann Izrayèl, nan Gaza ak Si-Jòdani: Ramallah,Sedewot, Tel Aviv, Jerizalèm, Khan Younis, Ashdod, elatriye...
Kat jewografik ki montre plizyè vil ann Izrayèl, nan Gaza ak Si-Jòdani: Ramallah,Sedewot, Tel Aviv, Jerizalèm, Khan Younis, Ashdod, elatriye...

Nouvèl ki soti nan Mwayen Oryan fè konnen negosyasyon Izrayèl ak Hamas ap fè sou yon seselfe pwolonje e menm sou yon solisyon a-lontèm pou konfli ki genyen antre yo, ap kontinye nan vil Lekèr, nan peyi Lejip.

Negosyasyon yo ap rapouswiv alòske rete mwens ke yon jou anvan yon seselfe pwovizwa 72 èdtan rive nan bout li nan Gaza. Tou lè 2 pati yo sanble yo poko ap rive jwenn yon antant sou prensipal pwoblèm ki poze yo; men yo kite obsèvatè yo kwè yo dispoze pwolonje trèv imanitè a ki te mete fen pwovizwaman nan goumen ki dewoule pandan 4 semèn.

Pandan prezidan Etazini an, Barack Obama, te pran lapawòl, mèkredi 6 out 2014 la, nan yon somè amerikano-afriken nan Washington, li di li apiye negosyasyon sa yo kap dewoule sou patwonaj peyi Lejip; daprè lidè ameriken an, li enpòtan pou 2 kan yo rive jwenn yon solisyon durab pou konfli a.

“ Objektif Lèzetazini kounye a, se ta pou l chache jwenn asirans seselfe a ap kenbe, Gaza kapab kòmanse yon pwosesis rekonstriksyon e pati konsène yo pran dispozisyon ki nesesè pou pèp Gaza a santi li genyen espwa… epi, pou pèp Izrayèl la gen konfyans li pap retounen ankò nan yon sitiyasyon kote moun ap lanse wòkèt sou li, jan sa te fèt pandan 2 zou 3 semèn ki pase yo. “

Pandansetan, sekretè jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, fè konnen “cercle vicieux” vyolans la fèt pou l sispann nan Gaza. Misye Ban deklare :

« Seri soufrans pwolonje sa a e ki pa fè sans nan Gaza, nan Si-Jodani ak ann Izrayèl, fèt pou l fini. Eske nou oblije kontinye viv nan yon sitiyasyon konsa, kote nap konstwi epi detwi, konstwi epi detwi ? Nou fèt pou n rekonstwi, men fòk se dènye fwa nap rekonstwi. Vyolans la dwe fini kounye a. »

Hamas di Izrayèl ak Lejip fèt pou leve blokis yo mete sou fwontyè yo ak Gaza –yon sitiyasyon ki anpeche moun sikile e ki pa kite pwovizyon entre-sòti sou tèritwa a. Se kondisyon Hamas poze pou yon selefe dirab ant li menm ak Izrayèl. Gouvènman premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, reponn pou l di li pap leve restriksyon yo toutotan li pa gen garanti Hamas dezame tèt li epi li pa gen mwayen ankò pou l fè zam antre sou tèritwa Gaza a.

XS
SM
MD
LG