Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rankont yon Komisyon Sena a ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a


Sena ayisyen an pandan yon seyans palmantè (Foto achiv)
Sena ayisyen an pandan yon seyans palmantè (Foto achiv)

Yon komisyon sena ayisyen an rankontre ak yon delegasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou yo te fè diskistyon sou plis pase 25 pwopozisyon sena a ta renmen enkli nan pwojè amandman lwa elektoral la. Prezidan komisyon an, senatè Jocelerme Privert, deklare bay jounalis yo li menm ak lòt manm yo gen pou rankontre pati politik yo, manm sosyete sivil la ak lòt sektè pou tande opinyon yo sou pwopozisyon sa yo.

Gwoup 6 senatè k ap mande aplikasyon atik 289 konstitisyon 1987 la sou fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a di yo pa rekonèt travay komisyon an. Selon Jean Baptiste Bien-Aimé, youn nan 6 senatè sa yo, gran kò a pat vote pou fòme yon komisyon an pou travay sou pwojè amandman lwa elektoral la.

Yon lòt kote, Robert Perito, ansyen responsab pwogram pou Ayiti nan Enstiti Ameriken pou Lapè, lanse apèl bay Lèzetazini, Òganizasyon Nasyonzini ak kominote entènasyonal la an jeneral, pou yo travay ak pati konsène yo ann Ayiti pou eleksyon dewoule nan fen ane a dekwa pou evite yon vid enstitisyonèl an janvye 2015. Msye Perito fè demand sa a pandan li t ap patisipe nan yon rankont nan Washington DC ak Sandra Honoré, chèf sivil Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH).

Prezidan Michel Martelly akeyi nan Palè Nasyonal yon gwoup 93 etidyan ayisyen ki pral pase 4 ane ap etidye OMeksik. Etidyan sa yo, ki se bousye gouvènman Meksiken an, pral etidye nan domèn jeni sivil, tourism, agwonomi ak syans enfòmatik.

Minis kominikasyon ayisyen an, Doktè Rudy Herriveaux, anonse gouvènman an pran tout dispozisyon pou l retabli kouran elektrik nan vil Okay ak zòn alantou yo. Msye Herriveaux fè yon deklarasyon nan sans sa a apre pèp souvren te pran lari pou pwoteste kont le fèt ke 3èm pi gwo vil peyi a pa gen elektrisite depi plizyè semèn.

Anfen, minis Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral, Agronòm Thomas Jacques, anonse kèk aksyon gouvènman an deja poze pou ranfòse pwodiksyon agrikòl la nan peyi a. Msye Thomas di ministè l la distribye bay plantè yo plis pase 400 tòn metrik plan pwa, 8 milyon plan patat ak bannann plis 15 mil tòn metrik angrè.

Klike sou "Koute" pou n tande detay nouvèl sa yo ak jounalis Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG