Accessibility links

Breaking News

L'ONU gen pou l Rekonfigire Misyon li Genyen ann Ayiti (MINUSTAH)


Manm Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTHA). Foto achiv
Manm Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTHA). Foto achiv

Òganizasyon Nasyonzini gen pou pran yon desizyon, nan fen mwa out 2014 la, sou fason li pral rekonfigire misyon li gen ann Ayiti depi 10 an. Chèf sivil MINUSTAH sa a Sandra Honoré fè yon deklarasyon nan sans sa a nan yon entèviou li bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la. Madam Honoré kontinye pou l di Konsèy Sekirite l'ONU an gen pou l pou vote sou chanjman misyon MINUSTAH a nan fen mwa a.

Pierre Michel Brunache, pòt pawòl Premye Minis ayisyen an Laurent Lamothe, deklare li konsidere kòm "kamikaz" konpòtman gwoup 6 senatè ki, dapre li, bloke pwosesis elektoral la. Msye Brunache fè deklarasyon sa a kèk jou apre yon seyans sena a te gen pou fè sou amandman lwa elektoral la te echwe akoz absans yon gwoup senatè; sa ki te anpeche gran kò a gen kowòm ki nesesè pou seyans la te dewoule.

Yon lòt kote, dirijan Platfòm Òganizasyon k ap Defann Dwa Moun yo( POHDH), Antonal Mortimé, rejte pawòl k ap pale pou eleksyon jeneral ta dewoule an 2015. Msye Mortimé ensiste pou eleksyon lejislatif pasyèl ak kolektivité teritoryal yo fèt nan fen ane 2014 la.

Enfen, Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH) pwononse l an favè òganizasyon eleksyon lejislatif pasyèl ak lokal yo nan fen ane a. Chèf sivil misyon an, Sandra Honoré, di òganizasyon entènasyonal la ap kontinye apiye operasyon elektoral la.

Klike sou "Koute" pou n tande detay nouvèl sa yo avèk ekip Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG