Accessibility links

Breaking News

Izrayèl ak Hamas Aksepte yon Nouvo Seselfe 72 Zèdtan


Yon sòlda izrayelyen, manm brigad Givati, ak zam li sou zepòl li apre li fin kite Gaza pou l retounen ann Izrayèl. (Foto: 4 out 2014).
Yon sòlda izrayelyen, manm brigad Givati, ak zam li sou zepòl li apre li fin kite Gaza pou l retounen ann Izrayèl. (Foto: 4 out 2014).

Yon seselfe 72 zèdtan antre an vigè ant Izrayèl ak Hamas sou Bann Gaza a byen bonè madi 5 daout 2014 la nan moman negosyasyon ap dewoule pou wè si konfli a ta jwenn yon solisyon dirab. Yon ti tan anvan seselfe a te kòmanse a 8 tè di maten -lè lokal-- Izrayèl te anonse li pral wete tout sòlda li ki prezan toujou sou tèritwa Gaza a.

Pòtpawòl lame Izrayèl la, lyetnan-kolonèl Peter Lerner, ki pale ak laprès madi, fè konnen sòlda yo pral pran yon pozisyon defansif andeyò Gaza e yo pral rete sou pozisyon sa a pandan yon tan. Daprè lòt otorite nan lame a, yo rive detwi yon afè de 32 tinèl militan Hamas yo te abitye itilize pou yo eseye antre an kachèt sou tèritwa izrayelyen an pou yo lanse atak.

Retrèt sòlda Izrayelyen yo sete prensipal demand Hamas te fè pou l voye delege li nan vil Lekèr, ann Ejip, pou yo patisipe nan negosyasyon ki pral fèt nan jou kap vini la yo sou mwayen pou 2 kan yo aksepte pwolonje seselfe a. Negosyasyon sa yo ap gen ladan yo otorite Hamas, Izrayèl ak Lejip. Se dènye tantativ kap fèt pou mete fen nan konfli a ki te kòmanse sa gen 4 semèn e ki touye plis pase mil 800 palestinyen (pi fò nan yo se sivil), avèk 64 sòlda plis 3 sivil izrayelyen.. Anpil seselfe deja echwe -san bliye youn 2 kan yo te anonse pou vandredi pase a, kote yon trèv nan konba yo ki te sipoze dire 3 jou, te kraze aprè 2 zèdtan sèlman.

Depatman Deta ameriken an, ki tap abòde dosye a lendi, lanse yon apèl prese-prese bay tou lè 2 pati yo pou l mande yo respekte totalman dènye efò kap fèt pou jwenn yon seselfe; paske, daprè Depatman Deta, se yon seri efò ki byen kapab debouche sou yon solisyon dirab. Sekretè jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, li menm tou, fè konpliman pou seselfe a; li fè konnen : « Negosyasyon yo ta dwe kòmanse osito posib pou poze pwoblèm ijan yo. »

XS
SM
MD
LG