Accessibility links

Breaking News

Epidemi Ebola a ap Vale Teren nan 3 Peyi sou Kontinan Afriken an.


Yon foto CDC ki montre viris ki bay maladi ebola a. Otorite lasante ameriken yo ap swiv epidemi Ebola ann Afri; men yo fè konnen risk pou viris mòtèl sa a ta gaye Ozetazini, se yon risk ki limite anpil. (Foto: AP/CDC).
Yon foto CDC ki montre viris ki bay maladi ebola a. Otorite lasante ameriken yo ap swiv epidemi Ebola ann Afri; men yo fè konnen risk pou viris mòtèl sa a ta gaye Ozetazini, se yon risk ki limite anpil. (Foto: AP/CDC).

Prezidan Syera Leyòn nan, Ernest Bai Koroma, dekrete yon eta dijans pou ede peyi a fè fas ak yon epidemi viris ki bay maladi ebola a. Nan yon mesaj Misye Koroma mete devan pèp la e ki pase nan radyo ak televizyon atravè tout peyi a, li fè konnen gouvènman an mete an karantèn tout zòn kote yo dekouvri maladi a.

Otorite yo entèdi tout rankont an piblik pandan yap fouye kay pou yo idantifye moun ki enfekte epi fè mete an aplikasyon prekosyon pasaje dwe pran nan prensipal ayewopò peyi a. Dispozisyon sa yo pral rete an plas pandan yon peryòd kap varye ant 60 e 90 jou. Prezidan Koroma di –nap site:

“Syera Leyòn twouve li jounen jodi a nan yon gwo kokenn batay, paske maladi ebola a se yon lennmi okenn peyi pou kont li, okenn kominote pou kont li, pa kapab bat.”

Misye Koroma kontinye pou l di li pral pran avyon vandredi premye out 2014 la pou l ale nan peyi Gine kote li pral rankontre ak prezidan gineyen an e ak lidè peyi Liberya a po yo kowòdone yon estrateji pou yo fè fas ak sitiyasyon an.

An palan de Liberya, pwofesyonèl lasante nan peyi sa a ap pran anpil prekosyon pou yo pwoteje tèt yo aprè 2 volontè ameriken ki tap ede moun ki gen ebola a, fin pa trape maladi a. Gouvènman an nan Monrovia pran desizyon pou l fèmen tout lekòl aprè epidemi an te eklate nan peyi a.

Pandansetan, nan Syera Leyòn, òganizasyon imanitè Medsen san Fwontyè fè konnen le fèt ke maladi a rive gaye rapidman, sa nui anpil-anpil efò kap fèt pou yo konbat li. Doktè Anja Wolz, kowòdonatris operasyon dijans òganizasyon an, di pwofesyonèl lasante yo ap fè fas ak yon sitiyasyon konplike.

« Pou le moman, nan Medsen San Fwontyè, nou gen posiblite pou n travay sèlman nan sant entèvansyon dijans yo, paske nou pa gen mwayen pou n ale deyò. Se yon sitiyasyon ki difisil anpil. Daprè mwen, pou le moman se kòmsi m ta di nou kanpe sou tèt yon iceberg; se tèt montay la sèlman nou ka wè, paske mwayen nou itilize pou n konnen kijan moun trape maladi a pa efikas. Se youn nan pi gwo pwoblèm nap konfwonte; paske pou n fè fas ak epidemi ebola a, li enpòtan pou n jwenn malad yo le pi vit posib epi refere yo nan sant tretman dijans la. Se esansyèl pou n fè fas ak epidemi sa a. »

Nan yon rapò OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante) fèk pibliye, li di yon afè de 700 moun mouri anba maladi ebola a nan peyi Gine, Liberya ak Syera Leyòn pandan 6 mwa ki pase yo. Pa genyen gerizon pou moun ki trape maladi sa a.

XS
SM
MD
LG