Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Dekese Yon Nouvo Sòm 160 milyon Goud pou Oganizasyon Eleksyon yo


CEP LOGO
CEP LOGO

Gouvènman ayisyen an anonse dekèsman 160 milyon goud kòm apui li pou òganizasyon pwochen eleksyon yo. Nouvo tranch lajan sa a prale nan yon kont-an-bank PNUD (Pwogram Nasyon Zini pou Devlopman) ap jere. Chèf gouvènman an, Laurent Lamothe, mande senatè yo vote sou amandman lwa elektoral chanm depite a deja vote a. Misye Lamothe fè demand sa a nan moman sena a ap pare pou l reyini nan jounen jedi 31 jiyè a ak posibilite pou l fè deba sou pwojè amandman dokiman an.

Senatè Moises Jean Charles, youn nan 6 manm chanm wòt la k ap mande aplikasyon atik 289 konstitisyon 1987 la sou fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a, fè konnen gwoup la ap prezan nan seyans la, men se pa pou yo diskite sou pwojè amandman lwa elektoral la.

Yon lòt kote, pòt pawòl Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la ( MOPOD), Agronòm Jean Andre Victor, mande gouvènman an pran an konsiderasyon grèv lafen Depite Arnel Belizaire ap fè nan palman an depi 21 jiyè 2014 la. Palmantè a mande revokasyon Jij Arnel Alexis Joseph, liberasyon moun ki, dapre li, nan prizon pou rezon politik, ak transparans nan itilizasyon fon Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la (USAID) mete ala dispozisyon palman an.

Finalman, 2 moun pou pipiti mouri, plizyè dizèn lòt blese, tandiske lapolis fè 5 arestasyon: se bilan pasyèl 3 jou Kanaval Dèflè a ki te dewoule nan Pòtoprens dimanch, lendi ak madi 27, 28 ak 29 jiyè 2014 la.

Klike sou "Koute" pou w tande detay nouvèl sa yo ak ekip Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG