Accessibility links

Breaking News

Yon Lòt Atak Izrayèl sou yon Lekòl nan Gaza. 19 Moun Mouri.


Sòlda izraleyen ki pran pozisyon tou pre fwontyè Izrayèl ak Gaza (30 jiyè 2014). Izrayèl touye omwen 19 Palestinyen nan atak ki fèt sou lekòl la.
Sòlda izraleyen ki pran pozisyon tou pre fwontyè Izrayèl ak Gaza (30 jiyè 2014). Izrayèl touye omwen 19 Palestinyen nan atak ki fèt sou lekòl la.

Yon atak lame Izrayèl la lanse sou Bann Gaza kraze yon lekòl Oganizasyon Nasyon Zini ap dirije. Atak sa a --ki dewoule byen bonè mèkredi 30 jiyè 2014 la sou yon kan refijye ki nan vil Jebaliya, nan pati nò Gaza-- touye 19 moun pou pi piti. Lekòl la se youn nan 85 sant kote, daprè Ajans l’ONU pou Refijye Palestinyen yo, yon afè de 200 mil moun al pran refij.

Yon responsab lopital nan zòn nan fè konnen yon atak ki te fèt anvan sa te touye 20 moun. Abdel Karim al-Masamha, se yon moun kap viv nan Jebaliya. Li pale pou l di sa k pase nan zòn nan depi Izrayèl te kòmanse operasyon militè a se yon gwo sipriz pou popilasyon an.

« Moun mouri devan 2 je nou; atak sa yo depatya yo, demanbre yo. 5 moun --landan yo genyen yon fi-- mouri nan atak ki fèt nan lekòl la. Nou te vin la a pou n pat rete nan zòn nou panse Izrayèl te ka atake yo, paske nou te byen konnen nou pat gen sekirite nan zòn sa yo. Eben, nou pa jwenn sekirite isit la non plis. Pa genn yon kay, pa gen yon pyès kay ki an sekirite nan Gaza. »

Atak sa a fè pati kanpay militè Izrayèl te lanse sa gen 3 semèn e ki touye 32 moun mèkredi a sèlman. Daprè otorite palestinyen yo, depi 8 jiyè pase a, dat kote operasyon an te kòmanse a, mil 200 moun pèdi lavi yo –pi fò nan yo se sivil. Izrayèl pèdi 53 sòlda ak 3 sivil. Nan yon mesaj yon lidè militan Hamas yo, kòmandan Mohammed Deif, fè pase nan radyo mèkredi, li di Hamas pap aksepte yon seselfe toutotan Izrayèl pa leve blokis li mete sou tèritwa Gaza a.

« Nan kout kat sa a, fòs okipasyon an pap janm gen sekirite, toutotan pèp nou an pa jwenn libète li ak diyite li. Pap gen pyès seselfe toutotan agresyon an pa fini e si blokis la pa leve. Nou pap aksepte okenn solisyon pwovizwa ki pa defann enterè pèp nou an. »

Izrayèl te kòmanse yon kanpay bonbadman sou Bann Gaza a pou l te reponn yon seri kout-wokèt militan Hamas yo ap lanse sou tèritwa izrayelyen an. Depi operasyon sa a te kòmanse nan dat 8 jiyè 2014 la, gouvènman eta jwif la deside ranfòse kanpay la ak atak anlè, atè ak sou lanmè pou l elimine yon seri tinèl militan yo itilize pou yo travèse fwontyè Izrayèl ak Gaza a pou yo lanse atak ann Izrayèl menm. Daprè yon nòt ki sòti mèkredi nan depatman defans izrayelyen an, militan yo lanse yon afè de 2 mil 700 wòkèt depi konfli a te kòmanse.

XS
SM
MD
LG