Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly ap Vizite Trinidad ak Bahamas


Prezidan ayisyen an, Michel J. Martelly
Prezidan ayisyen an, Michel J. Martelly

Yon nòt ki sòti nan biwo kominikasyon prezidans la ann Ayiti fè konnen Prezidan Michel Martelly ale nan peyi Trinidad pou l patisipe nan yon somè CARICOM-JAPON kap dewoule Jodi lendi 28 jiyè 2014-la.

Misye Martelly, ki genyen avèk li minis komès ak endistri a, Wilson Laleau, pral rankontre avèk Premye Minis Trinidad la, Madam Kamla Persad-Bissessar, e ak Premye Minis japonè a, Shinzo Abe.

Madi 29 jiyè 2014 la, prezidan ayisyen an prale Bahamas kote li pral fè chita-tande avèk premye minis zile a, Perry Christie, yon fason pou l ranfòse, amonize e dinamize rapò ki egziste ant Ayiti ak Bahamas. Pandan rankont Martelly-Christie a, 2 lidè yo pral fè diskisyon kap debouche sou siyati akò sa yo :

Akò-kad kowoperasyon ;

Akò kowoperasyon teknik ak syantifik sou ranfòsman kapasite enstitisyon pòtyè yo ;

Akò kowoperasyon komèsyal ak teknik nan domèn kontwòl kalite pwodui agrikòl ak pèch ekspòtab yo ;

Akò sou pwomosyon ak pwodiksyon resipwòk envestisman.

Prezidan Martelly ap retounen Ayiti madi apremidi.

XS
SM
MD
LG