Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Mande yon Ankèt Prese sou Chit Avyon Malaysia Airlines nan


Prezidan Barack Obama pandan yon konferans pou la près vandredi 18 jiyè a nan Lamezon Blanch.
Prezidan Barack Obama pandan yon konferans pou la près vandredi 18 jiyè a nan Lamezon Blanch.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare lanmò 298 pasaje ki te abò avyon Malaysia Airlines ki tonbe nan lès Ukrèn nan se yon “zak outrageant ki pa genyen mo pou li dekri.”

Nan deklarasyon msye Obama fè nan Lamezon Blanch vandredi 18 jiyè li di: genyen "prèv ki montre se yon misil sòl-èr ki desann aparèy la e ke yo te tire nan rejyon ki anba kontwòl rebèl separatis Larisi ap apiye yo." Lidè ameriken deklare: “Pou fasilite ankèt la, Larisi, separatis ukrenyen yo ak Ukrèn dwe aksepte yon seselfeu san pèdi tan; moun pa dwe falsifye endis yo; anketè yo dwe genyen aksè sou sit kote avyon an tonbe a e tach pou retounen rès moun ki te abò avyon an dwe kontinye san pèdi tan.”

Chèf Deta Ameriken an lanse apèl anfavè yon ankèt entènasyonal sou ensidan an e li di Larisi ak separatis yo dwe aksepte obsève yon Sesel-feu san pèdi tan.

Dirijan ameriken an di pou fini: "dènye evenman sa yo montre li tan pou lapè ak sekirite retounen nan Ukrèn".

XS
SM
MD
LG