Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an Fè Depozisyon sou Pwoblèm Immigran Ilegal yo Ozetazini


Lokal Kongrè Ameriken an
Lokal Kongrè Ameriken an

Kongrè ameriken an fè depozisyon jedi 17 jiyè sou pwoblèm imigran ilegal (ti moun ak adolesan pou pifò) ki sòti nan Amerik-Santral la e ki depi koumansman mwa pase a ap rive pa vag sou fwontyè sid peyi a pataje ak Meksik pou vinn chèche azil Ozetazini. Bann imigran ilegal sa yo poze gwo pwoblèm imanitè e soulve anpil deba nan klas politik la kote gouvènman ak rezidan lokal yo « di yo pa vle resevwa ilegal lakay yo kap vinn epuize resous finansyè yo ki déjà pa ase pou yo. Yo mande tou pou gouvènman federal la depòte moun sa yo e ranfòse sekirite sou fwontyè a. Gouvènman Obama a mande Kongrè a plis pase 3 milya 700 milyon dola pou l ede reloje, tabli sekirite e akselere depòtasyon imigran ilegal yo. Depi mwa Oktòb ane pase, plis pase 60 mil imigran ilegal santwo-ameriken deja rive Ozetazini, sa ki reprezante yon ogmantasyon 400 pousan konpare ak ane anvan an

Otorite ameriken yo deja koumanse depòte anpil ladan yo---yon desizyon ki deklanche polemik nan mitan klas politik la, repibliken kou demokrat (kap kritike nan yon sans ou nan yon lòt) atitid gouvènman federal la. Sèten vle pou yo etidye ka timoun sa yo anvan yo depòte yo, genyen lòt (repibliken pou pi fò) ki di depòte yo e fèmen fwontyè a.

XS
SM
MD
LG