Accessibility links

Breaking News

Operasyon Militè Izrayèl Nan Gaza a Déjà pran Lavi 100 Kretyen-vivan.


 La fimen k ap soti nan bilding apre yon atak aviyasyon izrayelyen an nan teritwa Gaza kote palestinyen yo ap chache viktim (11 jiyè 2014)
La fimen k ap soti nan bilding apre yon atak aviyasyon izrayelyen an nan teritwa Gaza kote palestinyen yo ap chache viktim (11 jiyè 2014)

Otorite palestinyen-yo fè konnen bilan moun ki mouri nan operasyon Izrayèl lanse nan Gaza a monte rive nan 100-- pami-yo fi ak timoun piti.

Jodi vandredi a , operasyon Gaza a antre nan katriyèm jounen li, pandan militan palestinyen yo kontinye tire wokèt sou eta jwif la. Militan nan Gaza tire omwen 550 fize sou Izrayèl nan dènye lese-frape yo ; men Jerizalèm pa rapòte viktim. Otorite izraeyelyen yo di yon wokèt ki sòti depi tèritwa libanè a tonbe sou rejyon nò eta ebre a san fè viktim. Nouvèl la pa presize ki gwoup ki tire wokèt la. Izrayèl fè konnen li riposte ak kout pyès kanno.

Wo Komisè Nasyonzini pou dwazimen an, Navi Pillay, lanse apèl bay 2 kan yo pou mande yo fè lapè. Li di chimen vyolans kapab debouche sèlman sou lanmò, destriksyon ak mefyans.

XS
SM
MD
LG