Accessibility links

Breaking News

Ofansiv Militè Izraelyen Kont vil Gaza a Antre nan 3èm Jou li.


Palestinyen yo ap enspekte debri yon kay apre yon misil lame izrayelyèn nan tonbe nan vil Gaza, (10 jiyè, 2014.)
Palestinyen yo ap enspekte debri yon kay apre yon misil lame izrayelyèn nan tonbe nan vil Gaza, (10 jiyè, 2014.)

Israel ap pouse pou pi devan ak operasyon militè kont militan Hamas yo nan Gaza avèk yon seri atak aeryen ki pran lavi plizyè dizèn palestinyen. Izrael di kanpay sa a se pou mete fen nan atak ak wokèt kap sòti sou tèritwa Gaza. Premye minis israelyen an, Benjamin Netanyahu, di gwoup militan Hamas pral peye chè poutèt li atake Izrayèl.

Premye minis Netanyahu deklare “Nou pral kontinye pwoteje popilasyon sivil nou yo kont atak Hamas ap lanse sou yo. Kounye a, Hamas--okontrè--ap mete tout ekspre sivil palestinyen yo andanje.”

Atak Izraelyen yo frape divès sib nan Gaza bonè jedi 10 jiyè a, kote 3 moun pèdi lavi yo nan yon machinn nan vil Gaza, san bliye 8 lòt ki blese nan yon kay obi frape nan Khan Younis.

Lame Izraelyen yo di atak omwen 72 palestinyen peri nan atak li yo pandan 2 dènye jou yo. Wokèt militan palestinyen yo lanse bonè jedi sou Izrayèl depi tèritwa Gaza a pa fè viktim.

Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, dwe pran lapawòl jedi a nan yon reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an sou sitiasyon nan rejyon an. Anvan sesyon an, sekretè jeneral la kalifye vyolans lan “ kòm youn nan tès pi grav rejyon an genyen devan li depi plizyè lane”.

Misye Ban kondane atak ak wokèt sou Eta jwif la, pandan li egzòte misye Netanyahu aji ak “retenue” e pou l respekte obligasyon entènasyonal li genyen pou l pwoteje sivil yo.

XS
SM
MD
LG